Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

La Polòy pa Vle fè Bak Malgre Menas FIFA


03-10-2008

Foutbòl/ Polòy

Premye Minis Polonè a kore Minis spò peyi a ki revoke federasyon an malgre menas FIFA  fè pou l radye federasyon an--yon aksyon ki kapab afekte dewoulman an tandè m koup DEròp dè nasyon an ansanm ak Ukrè n an 2012.
Premye Minis la dakò federasyon football Polonè a pat byen jere korupsyon ki nan gen nan lig football la. Anons sa a fèt apre FIFA bay otorite yo juska Lendi kòm delè pou retounen ansyen manb federasyon an nan pòs yo sinon yo pap kapab patisipe nan match kalifikatif koup du mond le 11 ak 15 Oktòb.

Foutbòl / KONKAKAF

Nan chanpyona Lig Chanpyon KONKAKAF la Tauro FC Klub suprann Santos Laguna 2 a 0. Joe Publik rnpòte yn vitwa supriz devan Atlante 1 a 0 nan group D ak group C yè swa


Foutbòl an Sal


Nan koup du mond football an sal kap dewoule O Brezil. Brezil krabinen zile Salomon yo 21  a 0 nan koup du mond an sal pou mete l a 6 pwen nan group A a swa 3 pwen devan la Rusi ak Kuba. Kuba tonbe devan la Rusi 10 a 5. Itali mache sou Etazuni ak yon viktwa 6 a  1.

Foutbòl / Eròp

Milan AC ak Tottenham Hotspur kalifye pou faz group  Unyon Football Eropeyen an. Milan AC ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan FC  Zurich. Tottenham Hotspurs kalifye malgre li fè atch nul 1 a 1 ak Krakovie. Nan vil Moskou Spartak de Moskou fè match nul 1 a 1 ak Banik Ostrava.

Je Zolenpik / US

Komite Olenpik Ameriken an seleksyone Larry Probst kòm nouvo prezidan Komite Olenpik la pou yon manda kap dure 4 tran.
Misyon nouvo prezidan an se chache supò finansye pou òganizasyon ki pa resevwa lajan dirèk nan men otorite yo epi ede vil Chikago pou l jwen dwa pou l akeyi je zolenpik dété yo an 2016.

Je Zolenpik / Kanada

Jodi a komite òganizatè je zolenpik Dhivè Vancouver yo kòmanse vann tikè pou konpetisyon an kap dewoule an 2010. Tikè yo ap sou mache a juska 7 Novanm. Fanatik ki vle achete tikè pou asiste konpetisyon yo kapab fè l sou entènèt la, par telefò n ou byen par kourye. Komite a deside syèj yo apre 7 Novanm.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ouvèti Konferans Kooperasyon Desantralize a nan Montrouis  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Nan Somè G-8 la, Ann Itali, Lidè yo Pwomèt yon sòm 15 Milya Dola pou Konbat Grangou nan Lemond
Somè G-8 la Tanmen Nan Peyi Itali  Audio Clip Available
Prezidan René Préval ak Ansyen Prezidan Bill Clinton Vizite Gonayiv ak Site Solèy
Prezidan Obama --k ap vizite Larisi depi Lendi --Mande pou gen Pi Bon Rapò ant Washington ak Moskou
Bill Clinton Tanmen Premye Vizit li Ann Ayiti Kòm Anvwaye Espesyal L'ONU  Audio Clip Available
Vyolans Nan Honduras Pandan Pèp la Ap Tann Retou Prezidan Zelaya
Yon Dezyèm Kouwòn Nan Wimbledon Pou Serena Williams Apre Final Tennis Doub Medam yo
Tennis: Yon Twazyèm Tit Chanpyon Wimbledon Pou Serena Williams
L'OEA ap Fè Demach pou Manuel Zelaya Retounen sou Pouvwa a nan Ondiras : Sekretè Jeneral Insulza Prale Tegousigalpa Samdi
Reyaksyon Pozitif Nan Pòtoprens Sou Anilasyon 1.2 Milya Dola Nan Dèt Peyi a  Audio Clip Available
OEA Lanse Yon Ultimatòm Kont Nouvo Responsab Yo Nan Honduras Pou Retabli prezidan Zelaya  Audio Clip Available
Pati Politik Ayisyen yo Reyaji ak Mefyans Apre Piblikasyon Rezilta Eleksyon pou Sena a  Audio Clip Available
Prezidan Honduras la Pèdi Pouvwa a Nan Yon Kou Deta Militè  Audio Clip Available