Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

USA: Dezyèm Deba Prezidansyèl la Pa Ede John McCain Dapre Sondaj yo


08-10-2008
Repòtaj VOA Sou Deba 7 Oktòb la - Telechaje (MP3) audio clip
Repòtaj VOA Sou Deba 7 Oktòb la - Koute (MP3) audio clip

Barack Obama, left, and John McCain in their 2nd debate
Barack Obama [agoch] ak John McCain nan deba 7 oktòb 2008 la
Etazini-Eleksyon: Dezyèm deba televize ant 2 kandida-a-la-prezidans yo pa ofri Senatè John McCain gwo avantaj li t’ap chache pou li ka remonte nan sondaj yo devan Senatè Barack Obama. Pandan  inèdtan-edmi, McCain ak Obama te reponn kesyon jounalis NBC Tom Brokaw ak yon gwoup elektè ki endesi jiskaprezan. Kandida demokrat la, yon fwa ankò, te ensiste sou pwoblèm Ameriken mwayen yo.

Senatè Obama deklare “klas mwayèn nan bezwen yon pwogram sovtaj ekonomik. Sa vle di mwens taks pou klas mwayèn nan. Sa vle di nou pral ede pwopriyetè yo pou yo pa pèdi kay yo.”

Senatè McCain, li-menm, pwopoze yon pwogram federal pou achte ipotèk moun pa ka peye, epi revann kay sa yo nan pri yo vo jounen jodi a. Li di,  “Mezanmi, nou tout byen konnen toutotan nou pa stabilize pri kay ozetazini, nou pap janm’ kòmanse chanje sitiyasyon an, kreye travay, e ranje ekonomi nou an.”

Tou 2 kandida yo ensiste sou ogmantasyon pri enèji ak konsekans sa genyen sou ekonomi amerikèn nan. E yo ensiste sou nesesite pou peyi a sispann depann de petwòl etranje. Koute John McCain: “Fouye nan lanmè Etazini pou chache petwòl e bati santral nikleyè, se 2 eleman total-kapital nan solisyon an. Mwen toujou apiye ide sa yo  e m’konnen kijan pou m’ranje ekonomi an e elimine depandans nou sou petwòl etranje, pou n’sispann voye 700-milya dola chak ane nan lòt peyi.”

Barack Obama, left, and John McCain meet for second debate

Opsyon Barack Obama chwazi a, se nouvo teknoloji ak enèji altènatif ozetazini.  Men deklarasyon ni: “Se poutèt sa mwen pwopoze yon envestisman 15-milya dola paran pandan 10 an. Objektif nou, se ta dwe pou n’pa bezwen petwòl MwayennOryan an ankò nan 10 an. E nou ka fè sa. »

Senatè Obama kritike yon pwopozisyon John McCain fè pou jele depans leta yo nan kòmansman manda li a, anwetan sektè estratejik tankou defans, pa egzanp. Demokrat la kwè sa t’ap afekte anpil pwogram sosyal ki trèzenpòtan. Men kandida repibliken an ensiste fòk gen limit rijid, sevè sou depans federal yo, si responsab-yo vle kontwole ekonomi an.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Vyolans Nan Honduras Pandan Pèp la Ap Tann Retou Prezidan Zelaya

  Lòt Nouvèl
Yon Dezyèm Kouwòn Nan Wimbledon Pou Serena Williams Apre Final Tennis Doub Medam yo
Tennis: Yon Twazyèm Tit Chanpyon Wimbledon Pou Serena Williams
L'OEA ap Fè Demach pou Manuel Zelaya Retounen sou Pouvwa a nan Ondiras : Sekretè Jeneral Insulza Prale Tegousigalpa Samdi
Reyaksyon Pozitif Nan Pòtoprens Sou Anilasyon 1.2 Milya Dola Nan Dèt Peyi a  Audio Clip Available
OEA Lanse Yon Ultimatòm Kont Nouvo Responsab Yo Nan Honduras Pou Retabli prezidan Zelaya  Audio Clip Available
Pati Politik Ayisyen yo Reyaji ak Mefyans Apre Piblikasyon Rezilta Eleksyon pou Sena a  Audio Clip Available
Prezidan Honduras la Pèdi Pouvwa a Nan Yon Kou Deta Militè  Audio Clip Available
Lemond Antye Andèy Apre Lanmò Wa Mizik Pòp la Michael Jackson  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Zye : Ki Jan Pou Prevni Glokòm ak Katarat  Audio Clip Available
Nouvo Strateji Etazini Pou Pakistan ak Afghanistan: Reprezantan Gouvènman Obama a Reponn Kesyon Kongrè a  Audio Clip Available
Prezidan René Préval Fikse Pozisyon l' Ofisyèlman Sou Lwa Salè Minimòm Nan  Audio Clip Available
Reyaksyon Sou Deklarasyon Prezidan Obama a Konsènan Peyi Iran  Audio Clip Available
Nouvo Manifestasyon Etidyan Madi Nan Pòtoprens  Audio Clip Available