Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Ayiti Elimine, Jamayik ak Trinidad nan Kous la


16-10-2008

  

Foutbòl

Trinidad and Tobago toujou nan kous dèyè yon biyè pou ekzagonal final eliminatwa koup du mond FIFA 2010 la kap dewoule an Afrik du Sud. Trinidadyen yo suprann Etazuni ak yon viktwa 2 a 1 pou mete yo a 8 pwen dèyè Etazuni ki déjà kalifye pou ekzagonal final la. Gwatemala rete ak 5 pwen nan group la apre viktwa Kuba nan la Havann 2 a 1. 11 Novanm Etazuni kont Gwatemala epi Trinidad and Tobago ap akeyi Kuba—Yon nul ap regle zafè Trinidadyen yo.

Nan group B a anyen poko deside. Viktwa 1 a 0 Jamayik ranpòte devan Honduras mete l an 3 zièm pozisyon ak 7 pwen nan group la apre Meksik fè match nul 2 a 2 ak Kanada. Nan klasman jeneral la Meksik gen 10 pwen an premyè pozisyon, Honduras klase 2 zièm ak 9 pwen epi

Jamayik gen 7 pwen klase 3 zièm. Kanada gen yon pwen. Pwochen e dènye rankont la group la pral enpòtan lè Jamayik ap akeyi Kanada epi Honduras ap akeyi Meksik nan San Pedro Sula.

Group C a Salvador jwen dèye tikè a apre viktwa 3 a 0 yo ranpòte devan Surinam epi Haiti pèdu 2 a 0 devan Kosta Rika. Pwochen rankont Haiti pral lakay Surinam epi Salvador ap akeyi Kosta Rika.

Angletè kontinye ap byen men-nen nan group 6 Eropeyen an apre viktwa 3 a 1 yo ranpòte devan Belarus gras ak 2 gòl de Wayne Rooney. Anglè yo gen 12 pwen nan group la swa 5 pwen devan Ukrèn ak Kwasi. Kwasi wouze Andor 4 a 0 pou mete l a egalite ak Ukrèn ak 7 pwen yo chak.

La Oland gen yon avantaj 5 pwen nan group 9 la apre viktwa tou mens 1 a 0 yo ranpòte devan Nòvèj pou mete yo ak 9 pwen-5 pwen devan Ekòs ak Island. Republik Tchèk kòmanse reprann fòs apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Sloveni. La Rusi kale Findland 3 a 0 nan group 4 la. Nan group 4 la Lituani ranpòte yon viktwa tou mens devan Il Feroe yo pou mete presyon sou lidè group Sèbi ak 9 pwen yo chak.

Footbalè brezilyen yo poko kapab eksplike rezon ki fè yo fè match nul 0 a 0 ak Kolonbi. Vedèt ekip la tankou Kaka, Robinho rekonèt yo pat renmèt anyen nan gad la.

 Afrik du Sud remonte yon defisi pou l kale Gana 2 a 1 nan kad yon match chofe jarèt ki jwe ant 2 seleksyon yo yè Mèkredi a.

 

Baskètbòl

Milwaukee Bucks te fè anpil efò avan li kale Golden State Warriors 98 a 94 nan kad yon amikal ki jwe an chin

Cyclisme

Siklis Otrichyen Bernhard rekonèt li te pran substans CERA lè l te fini 3 zièm nan kous bisiklèt Tour de Frans la. Msye di li pa prale an apèl ak entèdiksyon 2 zan dirijan spòtif yo ap pran kont li.

 

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Depatman Deta Ameriken Pase Lod pou Anplwaye ki Pa Esansyel Yo Kite Ayiti

  Lòt Nouvèl
Preval Rive Ekwate Pou Yon Somè Spesyal Nasyon Sid-Ameriken Yo Oganize
Sekouris Jwen Yon Nèg Tou Vivan
Misyonè Lajustis Ayisyen Akize Deske Yo Tap Chache Kite Peyi a Ilegalman ak Timoun Konparet Devan Tribunal
Gonayiv Reseva Plis Pase 30,000 Moun Apre Tranbleman de Te a  Audio Clip Available
Lide Relije Ap Planifye Yon Seri Sèvis Ekumenik nan Potoprens  Audio Clip Available
Pwogram 'Lajan Pou Travay' Ap Ede Rekonstwi Ayiti  Audio Clip Available
Kanada Pwopoze Pou G7 la Anile Dèt Ayiti
Jamayik Ka Oblije Wetire Ekip Sante Publik, Milite li Genyen Anayiti
'Facebook' Jwe Yon Wol Kle pou Ayisyen Ki Tap Chache Enfomasyon sou Tranbleman'd Te a  Audio Clip Available
Washington, Pi Fò Kòt Es Etazuni Antere Anba Nèj
Lara Elie Joseph Te Kwè Lafen Dimond Rive Jou Tranbleman'n Tè a  Audio Clip Available
Reskape Daly Valet te We Lanmo Jou Tranbleman'd Te a Frape  Audio Clip Available
Washington, DC Koumanse Debleye 60 Santimèt Nèj Ki Paralize li Depi Vandredi 5 Fevriye a
Reyaksyon Direktris Fanm Ayisyen Nan Miami  Sou Sitiasyon  an  Ann Ayiti.  Audio Clip Available
Malgre Kèk Ezitasyon, Anpil Ayisyen Ap Aplike pou Stati Pwoteksyon Tanporè, TPS  Audio Clip Available
Marlène Bastien: Mank Tant, Dezòd nan Distribisyon Manje ap Trakase Ayiti  Audio Clip Available
Reskape Paris Brouard Toujou Gen Lanmou pou Ayiti Men Li Kontan Tounen Viv Miami  Audio Clip Available
Dyaloge ak Etazini: Reskape Ayisyen yo Plenyen Pou Mank Kowòdinasyon nan Distribisyon Asistans la  Audio Clip Available
Rapò Premye Minis Ayiti: 200,000 Moun Mouri nan Tranbleman'd Te a
Operasyon Rekrutman Komanse pou Ranplase Polisye Ki Mouri Nan Tranbleman'd Te a   Audio Clip Available
BID Mobilize Resous Pou Ede Ayiti
Reprezantan L'ONU Di Sityasyon an Malouk Toujou Nan Potoprens
Yon Delegasyon Pwofesyonèl Ki Soti Boston Konte Patisipe nan Rekonstruksyon Ayiti
Lajustis Ayisyen Gen Pou Anonse Desizyon ni Sou Pwose Kont Moun Ki te Pran Timoun Yo
Nasyonzini Mande Ansyen Prezidan Clinton Dirije Efò Sekou yo  Anayiti
Yon Nouvo Wòl Pou Bill Clinton Nan Peyi Dayiti
Entèviou Eksklizif: Prezidan René Préval Réponn Kesyon Lavwad'lamerik  Audio Clip Available