Prezidan eli ameriken Barack Obama genyen pou l'
anonse anvan lontan non moun li chwazi kòm minis trezò (finans) peyi a. Li genyen pou l'
fè anons sa a apeprè 10 semèn avan l' prete sèman e eritye pi gwo kriz
ekonomik Etazini ap travèse depi grand depresyon an. Jedi, otorite ameriken
yo bay msye Obama kont randi sou kèk dosye konfidansyèl. Prezidan eli a
chwazi Rahm Emmanuel kòm chèf pèsonèl la Mezon Blanch la e msye Emmanuel
aksepte djòb la. Rahm Emmanuel te travay sou administrasyon
Bill Clinton nan.
 |
| Prezidan eli Barack Obama ak madanm li Michelle ak pitit fi yo nuit eleksyon an nan Grant Park, Chicago. 4 Nov. 2008 |
Defi Ki Poze Pou Nouvo Prezidan Etazini an: Prezidan eli Barack Obama reyuni ak
fanmi l nan Chicago, kote lap prepare ekip ki pral travay avèk li lè li va
ranplase Prezidan Bush nan palè a, 20 janvye kap vini an. Men, 2 jou apre
kokenn viktwa Senatè Obama sou rival republiken li an John McCain, espesyalis
politik ak ekspè nan relasyon entènasyonal yo fè konnen prezidan eli a pral
gen pou l fè fas ak divès defi depi o-kòmansman. Youn nan pwoblèm klè kap tann ni se, san
di pètèt, dosye prezidan sòtan an, George Bush, pral kite dèyè pou li. Pami
dosye sa yo, genyen yon kriz ekonomik, 2 gè (youn ann Irak e lòt la nan
Afganistan), posiblite pou Iran devlope zam nukleyè, epi yon seri lòt pwoblèm
ki merite pou nouvo lidè ameriken an panche l' sou yo imedyatman. Earl Black se
yon pwofesè kap anseye nan Univèsite Rice; li se otè yon liv ki gen pou tit
:Yon Etazini Divize. Misye Black pale pou l di, byen souvan tout nouvo
prezidan ameriken genyen pou l fè fas ak pwoblèm ke predesesè l' la kite dèyè.
Pwofesè
Black di: “prezidan an pral genyen pou l' fè fas, pa egzanp, ak pwoblèm Ronald
Reagan te gen devan n lè l' te tounen
prezidan an janvye 1981. Prezidan an pral eritye tout pwoblèm gouvènman anvan an tap konfwonte. Daprè pwofesè Earl Black
toujou, yon lòt pwoblèm ki poze pou prezidan elu Obama, se gwo nivo esperans li
mete nan lespri moun ki te |
Prezidan eli Barack Obama
|
apiye l' yo. Puiske
anpil aspè nan mesaj Obama a mete aksan sou espwa ak chanjman, epi, an gwo, li
pale yon fason jeneral, li rive atire plizyè milyon patizan; e se pa yo tout ki
dakò sou kesyon pou konnen ki chanjman sa dwe ye, ki espwa yo ta renmen wè
tounen reyalite.
Kèk nan gwo defi kap tann nouvèl
administrasyon an gen rapò ak domèn politik etranjè a. An tou ka, se opinion
Peter Zeihan, vis-prezidan Depatman analiz nan Stratford, yon konpayi ki
travay sou zafè espyonnaj nan sektè prive a e ki baze o Tegzas. Daprè li,
prezidan Obama pral genyen kèk pwoblèm espesyal pou l' rezoud.
Msye ZEIHAN di: "tou dabò, ou
genyen Irak. Obama pwomèt patizan-n-yo pou l wete sòlda yo laba a osi to e osi
vit ke posib. Sepandan, sòf si li vle fè
yon revirman e voye sòlda nan Iran youn ou 2 lane apre, fòk li pran prekosyon
nan fason lap fè sa. Li nesesè pou Lèzetazini rive jwenn yon antant ak Iran sou
avni IraK. Sans a, si ou annik pati kite Irak, pa gen absoluman anyen ki pral
anpeche Iranyen yo pran larelèv, kit se direkteman, kit se endirekteman. Peter Zeihan kontinye pou l' di nouvo prezidan ameriken an pral
riske pwovoke yon konfli ak Pakistan si li fè sòlda ki nan Afganistan travèse
fwontyè a pou y’al konbat militan Taliban ak al-Qaida kap opere nan peyi sa a.
Pou yon lide sou kouman tranzisyon an ap dewoule ant administrasyon prezidan George W. Bush la ak gouvènman an fòmasyon prezidan eli a, ale sou ralonj ki anlè atik sa a.