Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks sèlman
Search


 

Prezidan Bush Di li Vle Yon Tranzisyon Dous Pou Nouvo Administrasyon Demokrat la


07-11-2008
Deklarasyon prezidan George Bush sou tranzisyon an - Telechaje (MP3) audio clip
Deklarasyon prezidan George Bush sou tranzisyon an - Koute (MP3) audio clip

Prezidan eli ameriken Barack Obama genyen pou l' anonse anvan lontan non moun li chwazi kòm minis trezò (finans) peyi a. Li genyen pou l' fè anons sa a apeprè 10 semèn avan l' prete sèman e eritye pi gwo kriz ekonomik Etazini ap travèse depi grand depresyon an. Jedi, otorite ameriken yo bay msye Obama kont randi sou kèk dosye konfidansyèl. Prezidan eli a chwazi Rahm Emmanuel kòm chèf pèsonèl la Mezon Blanch la e msye Emmanuel aksepte djòb la. Rahm Emmanuel te travay sou administrasyon Bill Clinton nan.

President-elect Barack Obama stands on stage along with his wife Michelle and daughters during election night gathering in Grant Park, Chicago, 04 Nov 2008
Prezidan eli Barack Obama ak madanm li Michelle ak pitit fi yo nuit eleksyon an nan Grant Park, Chicago. 4 Nov. 2008
Defi
Ki Poze Pou Nouvo Prezidan  Etazini an: Prezidan eli Barack Obama reyuni ak fanmi l nan Chicago, kote lap prepare ekip ki pral travay avèk li lè li va ranplase Prezidan Bush nan palè a, 20 janvye kap vini an. Men, 2 jou apre kokenn viktwa Senatè Obama sou rival republiken li an John McCain, espesyalis politik ak ekspè nan relasyon entènasyonal yo fè konnen prezidan eli a pral gen pou l fè fas ak divès defi depi o-kòmansman. Youn nan pwoblèm klè kap tann ni se, san di pètèt, dosye prezidan sòtan an, George Bush, pral kite dèyè pou li. Pami dosye sa yo, genyen yon kriz ekonomik, 2 gè (youn ann Irak e lòt la nan Afganistan), posiblite pou Iran devlope zam nukleyè, epi yon seri lòt pwoblèm ki merite pou nouvo lidè ameriken an panche l' sou yo imedyatman.

Earl Black se yon pwofesè kap anseye nan Univèsite Rice; li se otè yon liv ki gen pou tit :Yon Etazini Divize. Misye Black pale pou l di, byen souvan tout nouvo prezidan ameriken genyen pou l fè fas ak pwoblèm ke predesesè l' la kite dèyè. 

Pwofesè Black di: “prezidan an pral genyen pou l' fè fas, pa egzanp, ak pwoblèm Ronald Reagan te gen devan n lè l' te tounen prezidan an janvye 1981. Prezidan an pral eritye tout pwoblèm gouvènman anvan an tap konfwonte. Daprè pwofesè Earl Black toujou, yon lòt pwoblèm ki poze pou prezidan elu Obama, se gwo nivo esperans li mete nan lespri moun ki te
Senator Barack Obama in Columbus, Ohio, 02 Nov 2008
Prezidan eli Barack Obama
apiye l' yo
. Puiske anpil aspè nan mesaj Obama a mete aksan sou espwa ak chanjman, epi, an gwo, li pale yon fason jeneral, li rive atire plizyè milyon patizan; e se pa yo tout ki dakò sou kesyon pou konnen ki chanjman sa dwe ye, ki espwa yo ta renmen wè tounen reyalite.

Kèk nan gwo defi kap tann nouvèl administrasyon an gen rapò ak domèn politik etranjè a. An tou ka, se opinion Peter Zeihan, vis-prezidan Depatman analiz nan Stratford, yon konpayi ki travay sou zafè espyonnaj nan sektè prive a e ki baze o Tegzas. Daprè li, prezidan Obama pral genyen kèk pwoblèm espesyal pou l' rezoud.

Msye ZEIHAN di:  "tou dabò, ou genyen Irak. Obama pwomèt patizan-n-yo pou l wete sòlda yo laba a osi to e osi vit ke posib. Sepandan, sòf si li vle fè yon revirman e voye sòlda nan Iran youn ou 2 lane apre, fòk li pran prekosyon nan fason lap fè sa. Li nesesè pou Lèzetazini rive jwenn yon antant ak Iran sou avni IraK. Sans a, si ou annik pati kite Irak, pa gen absoluman anyen ki pral anpeche Iranyen yo pran larelèv, kit se direkteman, kit se endirekteman. Peter Zeihan kontinye pou l' di nouvo prezidan ameriken an pral riske pwovoke yon konfli ak Pakistan si li fè sòlda ki nan Afganistan travèse fwontyè a pou y’al konbat militan Taliban ak al-Qaida kap opere nan peyi sa a.

Pou yon lide sou kouman tranzisyon an ap dewoule ant administrasyon prezidan George W. Bush la ak gouvènman an fòmasyon prezidan eli a, ale sou ralonj ki anlè atik sa a.

 

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Jean-Max Bellerive Ofisèlman Premye Minis Ayisyen

  Lòt Nouvèl
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available