Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks sèlman
Search


 

Almay, Twazyèm Ekonomi Mondyal la Antre Nan Resesyon


13-11-2008

Gouvènman alman an fè konnen ekonomi peyi a (3èm pi gwo ekonomi sou planèt la) twouve l'
A giant Euro symbol, the currency of the EU, in front of Frankfurt's Eurotower, which houses the European Central Bank (ECB)
Yon senbòl jeyan deviz Inyon Ewòp la, Ewo a, devan Bank Santral Ewopeyèn nan vil Frankfurt, peyi Almay
nan yon resesyon. Pandanstan, òganizayson pou Kooperasyon Ekonomik ak Devlopman (OCDE) ki reyini 30 peyi, predi aktivite ekonomik yo pral sibi yon bès yon demi pousan nan peyi ki sèvi ak "Euwo a", e aktivite yo pral bese 9 dizyèm yon pousan Ozetazini ane kap vini an.

Pandan prezidan Bush tap fè yon diskou nan New York jedi 13 novanm novanm nan, li rejte kritik ki fè konnen gouvènman ameriken an manke entèvni sou mache a. Msye Bush di Entèvansyon gouvènman an, se pa yon solisyon pou tout pwoblèm. Pa ekzanp, kèk moun
President Bush speaking at the Manhattan Institute in New York, 13 Nov 2008
Prezidan Bush kap pale nan the Manhattan Institute nan New York. 13 Nov 2008
lague kriz la sou do mank regilasyon nan mache ipotekè ameriken an. Plizyè peyi ewopeyen gen plis regilasyon pase nou, men, malgre sa, peyi sa yo ap fè fas ak prèske menm pwoblèm avèk nou. Listwa montre pi gwo menas ki poze pou pwosperite ekonomik, se pa mank entèvansyon gouvènman an sou mache a, se pito lè gouvènman an entèvni twòp” . Prezidan Bush fini pa di lidè yo dwe mete an plas pi bon regilasyon nan sistèm finansye a.

Antretan, to chomaj la ogmante ankò Ozetazuni pou l’ rive nan yon nivo nou pat wè depi 7 an. Jedi, yon rapò Depatman di Travay pibliye fè konnen 516 mil travayè atravè peyi a te soumèt yon deman asistans-chomaj semèn pase a. Pwoblèm kredi bank yo pa vle bay ak lavant ki bese toupatou, fòse anpil patwon ap fè konpresyon pou yo ka redui depans yo. 

Sou yon plan piman politik, ansyèn kandidat alavisprezidans, Sarah Palin, deklare Pati
Alaskan Gov. Sarah Palin during Republican Governors Association Annual Conference in Miami, 13 Nov 2008
Gouvènè Eta Alaska a, Sarah Palin, nan somè Anyèl Asosyasyon Gouvè Repibliken yo  nan Miami, Eta Florid. 13 Nov 2008
Repibliken an deside kolabore ak gouvènman Obama a, lè li monte sou pouvwa a nan mwa janvye a, e lap ofri gouvènman sa a tout èd li ta bezwen. Gouvènè Eta Alaska a deklare  eleksyon an, kounye a, “se le pase” e ke atansyon’l fikse jounen jodi a sou avni peyi a. 

Madam Palin ki tap pale nan vil Miami, Eta Florid--kote lap patisipe nan konferans gouvènè repibliken yo--felisite senatè John McCain, ansyen kandida alaprezidans Pati Repibliken-an. Li di li santi se yon gwo onè msye McCain te fè’l lè li te chwazi l' kòm kandidat alavisprezidans sou tikè repibliken an. Palin envite tokay gouvènè li yo travay pou yo fè refòm lakay yo, tankou refòm swen-sante epi limite depans l’Eta ap fè.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik Sou Maladi Sida  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Ayiti/Eleksyon: Konsèy Elektoral la Rejte Enskripsyon 16 Pati -Pami yo Fanmi Lavalas
Pati Politik Ayisyen  Yo Ap Fè Regwoupman Pou Ale Nan Eleksyon  Audio Clip Available
Dine Deta nan La Mezon Blanch nan Lonè Premye Minis Endyen an, Manmohan Singh
Somè Amerikano-Endyen nan Lamezon Blanch: Chanjman Klimatik yo Byen Wo sou Pwogram Rankont sa a
CONCACAF Soutni Kandidati Etazini Pou Mondyal 2018 Oubyen 2022  a
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon  Audio Clip Available
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout  Audio Clip Available
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo  Audio Clip Available
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a