VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Prezidan Bush ap Resevwa Lidè Mondyal yo Wikenn sa a nan yon Somè sou Kriz Sektè Finansye a 


14-11-2008

Sou kontinan azyatik la e ann Ewòp, volim tranzaksyon yo ak pri aksyon yo ogmante jodi vandredi
From left: Joseph Stiglitz, Joel Seligman, Manuel Johnson testifying before the House Financial Services Committee, 21 Oct 2008
Kèk lidè sektè finansye a o Zetazini devan yon komisyon Kongrè a.
14 novanm nan, nan moman lidè 20 pi gwo peyi endistriyalize yo ak ekonomi ki fèk ap monte yo pral reyini nan Washington pou fè chita-tande sou kriz sektè finansye a ap travèse nan lemond. Nan Tokyo, Nikkey la pran preske 2, 3 pou san sou valè li te genyen yè jedi a, tandiske nan Hong Kong, Hang Seng nan fini tranzaksyon yo ak yon wòs preske 2, 5 pou san. Nan Changhai (Lachin), Sidney (Ostrali), ak Wellington (Nouvèl Zelann), mache yo fèmen tou nan yon nivo ki pi wo. Pandansetan, sou kontinan ewopeyen an endis endistriyèl yo monte nan vil Lond, Pari ak Frankfò nan kòmansman jounen an. Pou sa ki konsènen vil Pari, envestisè yo atann yo aske nouvèl pral sòti pou di ekonomi fransèz la te anrejistre yon wòs 0, 10 pousan pou trimès jiyè-septanm nan.

 

President Bush speaking at the Manhattan Institute in New York, 13 Nov 2008

Prezidan Bush ki t ap pran lapawòl sou kriz finansye a nan ManhattanInstitute nan New York, jedi 13 Nov 2008 la.

 

Pandansetan, Prezidan Bush ap pare pou l resevwa jodi vandredi a nan La Mezon Blanch plizyè lidè mondyal ki pral patisipe nan yon somè sou kriz sektè finansye a ap travèse a. Somè sa a ap kòmanse demen samdi a. Lidè ameriken an bay yon amòs sou travay ki dwe fèt pou rezoud kriz sa a nan yon mesaj li mete devan yon gwoup lidè sektè komès ak endistri a nan new York jedi 13 novnam nan. Daprè misye Bush, travay sa a ta dwe chita sou “mache lib ak pèp lib”.
Klike sou lyen anlè a pou w detay sou mesaj prezidan Bush la ak kèk reyaksyon avèk Marie-Luce Pierre e Lyonel Desmarattes.


Listen to This Report Somè nan Washington sou Kriz Finansye Mondyal la--telechaje
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Somè nan Washington sou Kriz Finansye Mondyal la--telechaje
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Jean-Max Bellerive Ofisèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available