VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Obama Sanble Ap Konsidere Senatè Hillary Clinton Pou Pòs Sekretè Deta a


14-11-2008

Democratic presidential hopeful and New York Senator Hillary Clinton reacts to the assasination of Pakistani political leader Benazir Bhutto, 27 Dec 2007
Senatè Demokrat ki reprezante Eta New York la, Hillary Clinton
Medya ameriken yo rapòte senatè Hillary Clinton twouve l' pami kandida prezidan-eli Barack Obama ap anvizaje bay pòs Sekretè Deta a nan gouvènman li an. Nouvèl yo fè konnen tou mesye Obama fè yon rankont ak palmantè Eta New York la jedi nan vil Chicago. Pandan yon evènman ki dewoule nan rezidans senatè Eta New York la vandredi 14 novanm nan, madan Clinton refize fè kòmantè sou desizyon administrasyon ki pral rive sou pouvwa a nan mwa janvye ane pwochèn nan.

Reponsab nan Pati Demokrat la endike ansyèn Premyè Dam nan sou lis kandida ki kapab tounen chèf diplomasi Lèzétazini an. Senatè Eta New-York la te pèdi eleksyon primè pou envestiti pati a devan senatè Obama apre yon batay sere ki te dire lontan.

Pami lòt pèsonalite politik ki sou lis pou pòs Sekretè Deta a, genyen senatè demokrat Eta Massachussetts John Kerry, senatè republiken Eta Nebraska Chuck Hagel ak gouvènè Eta Nouvo Meksik Bill Richardson.


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
L'OEA ap Fè Demach pou Manuel Zelaya Retounen sou Pouvwa a nan Ondiras : Sekretè Jeneral Insulza Prale Tegousigalpa Samdi

  Lòt Nouvèl
Reyaksyon Pozitif Nan Pòtoprens Sou Anilasyon 1.2 Milya Dola Nan Dèt Peyi a  Audio Clip Available
OEA Lanse Yon Ultimatòm Kont Nouvo Responsab Yo Nan Honduras Pou Retabli prezidan Zelaya  Audio Clip Available
Pati Politik Ayisyen yo Reyaji ak Mefyans Apre Piblikasyon Rezilta Eleksyon pou Sena a  Audio Clip Available
Prezidan Honduras la Pèdi Pouvwa a Nan Yon Kou Deta Militè  Audio Clip Available
Lemond Antye Andèy Apre Lanmò Wa Mizik Pòp la Michael Jackson  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Zye : Ki Jan Pou Prevni Glokòm ak Katarat  Audio Clip Available
Nouvo Strateji Etazini Pou Pakistan ak Afghanistan: Reprezantan Gouvènman Obama a Reponn Kesyon Kongrè a  Audio Clip Available
Prezidan René Préval Fikse Pozisyon l' Ofisyèlman Sou Lwa Salè Minimòm Nan  Audio Clip Available
Reyaksyon Sou Deklarasyon Prezidan Obama a Konsènan Peyi Iran  Audio Clip Available
Nouvo Manifestasyon Etidyan Madi Nan Pòtoprens  Audio Clip Available