VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Somè nan Washington: Lidè Mondyal yo Pral Travay pou Yo Evite Plis Kriz nan Sektè Finansye a


16-11-2008

President George W. Bush makes remarks at the Summit on Financial Markets and the World Economy in Washington
Prezidan George W. Bush nan Somè sou Mache Finansye yo ak Ekonomi Mondyal la nan Washington (15 Nov. 08).
Isit o Zetazini, prezidan George Bush patisipe vandredi 15 novanm nan nan yon somè sou kriz sektè finansye a ap travèse nan lemond. 

Lidè 20 peyi patisipan yo deside pran tout dispozisyon k ap nesesè pou yo estabilize sistèm finansye a. Yo pran angajman tou pou yo ranfòse mache finansye yo e pwoteje yo gras ak yon pi gwo apui pou envestisè yo ak konsomatè yo. Nan yon deklarasyon lidè yo pibliye ansanm aprè somè a, yo mande chak gouvènman separeman pou yo vini ak kèk pwogram ekonomik pou ankouraje depans bò kote konsomatè yo. Sepandan, deklarasyon an ensiste sou nesesite pou gen kowoperasyon entènasyonal e li mande pou peyi yo fè plis echanj enfòmasyon. Li lanse lide pou yo modènize Fon Monetè Entènasyonal ak Bank Mondyal e, daprè dokiman an,  2 enstitisyon sa yo ta dwe fè plis plas pou reprezantan peyi ki sou wout devlopman yo. Pandan prezidan Bush t ap pale ak laprès aprè somè a, li deklare rankont dijans sa a sete yon "veritab siksè".  

 Anvan somè a, Misye Bush te fè konnen, nan moman lidè mondyal yo t ap pare yo pou rankont la, yo tout re-afime enpòtans mache lib ak komès lib. Prezidan ameriken an pale konsa nan diskou inogiral somè a. Li ajoute li-menm ak delege yo te fè bon jan pwogrè nan diskisyon non-ofisyèl yo te genyen sou dosye kriz la vandredi swa ---men li ensiste pou l di genyen anpil travay ki rete pou fèt.

British Prime Minister Gordon Brown, 03 Nov 2008
Premye Minis britanik la, Gordon Brown.
Youn nan patisipan yo se chèf gouvènman britanik la, Gordon Brown, ki te jwe yon gwo wòl nan efò ki te nesesè pou reyini tout lidè sa yo yon sèl kote. Li-menm ak prezidan fransè a, Nicholas Sarkozy, lanse lide pou gouvènman yo ta sere boulon règleman ki reji fonksyonnman enstitisyon bankè yo. Daprè misye Brown - n ap site: “Toutotan nou pa mete sou pye yon sistèm kowòdinasyon ak sipèvizyon mondyal, nou sou lis pou n reviv yon lòt kriz k ap prezante yon lòt kote san n pa atann; paske nou pa okouran risk moun yo ap pran. Alòs, daprè mwen, sa nou dwe chache, se tabli yon nouvo tip de relasyon ant mache yo ak gouvènman yo."

Men misye Bush pa tèlmen renmen lide pou gouvènman yo ta mele twòp nan aplikasyon lwa sou fonksyonnman enstitisyon finansye yo. Daprè li, tou sa se biwokrasi k ap fè bagay yo trennen, e se pa nesesè. Li te kenbe yon langaj konsa nan yon mesaj li te mete semèn sa a devan yon gwoup antreprenè nan New York kote l te di -n ap site tou: «Kriz la se pa yon kriz sistèm mache lib la ; e solisyon an se pa pou n eseye re-envante sistèm nan. Se pou n rezoud pwoblèm ki devan nou yo, fè refòm no bezwen fè yo, e ale de lavan ak prensip mache lib yo ki te  pote pwosperite ak espwa bay pèp yo atrevè lemond."

Pou plis detay sou "Somè Washington nan", klike sou lyen anlè a


Listen to This Report Somè Finansye Washington nan /Dènye Nouvèl - telechaje
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Somè Finansye Washington nan /Dènye Nouvèl - telechaje
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Selebrasyon Jou Aksyon de Gras la Ozetazini

  Lòt Nouvèl
Pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik Sou Maladi Sida  Audio Clip Available
Ayiti/Eleksyon: Konsèy Elektoral la Rejte Enskripsyon 16 Pati -Pami yo Fanmi Lavalas
Pati Politik Ayisyen  Yo Ap Fè Regwoupman Pou Ale Nan Eleksyon  Audio Clip Available
Dine Deta nan La Mezon Blanch nan Lonè Premye Minis Endyen an, Manmohan Singh
Somè Amerikano-Endyen nan Lamezon Blanch: Chanjman Klimatik yo Byen Wo sou Pwogram Rankont sa a
CONCACAF Soutni Kandidati Etazini Pou Mondyal 2018 Oubyen 2022  a
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon  Audio Clip Available
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout  Audio Clip Available
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo  Audio Clip Available
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a