VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Somè Finansye Wikenn Sa a Nan Repiblik Dominikèn


20-11-2008

                                                                                                                         Anbasadè Repiblik Dominikèn nan peyi Dayiti, Dr. Jose Serulle Ramia (1) konfime peyi li ap 
[insert caption here]
Jose Serulle Ramia, Anbasadè R.D nan peyi Dayiti. Foto Le Matin
òganize samdi 22 ak dimanch 23 novanm nan yon somè nan vil La Romana pou diskite ak lidè rejyonal yo sou kriz finansye mondyal la ki afekte ekonomi peyi Amerik Latin ak Karayib la. Dapre jounal dominiken Listin Diario, Sekretè dEta ekonomi, planifikasyon ak devlopman Repiblik Dominikèn nan, Temístocles Montás, konfime ap genyen, pou pi piti, 3 chèf deta nan rejyon an, sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) Miguel Insulza ak plizyè fonksyonè Fon Monetè Entènasyonal (FME) ap prezan nan Somè Casa De Campo a, nan La Romana--yon vil nan lès Repiblik Dominikèn. Tit Somè a "L'Ordre Financier Mondial émergent: une perspective regionale". Somè a ap demare samdi a katrè (4 è) nan apremidi avèk yon diskou prezidan dominiken an, Leonel Fernández, ki deja konte sou prezans prezidan Honduras la, Manuel Zelaya Rosales; prezidan El Salvador a, Elias Antonio Saca, plis prezidan ayisyen an, René Préval.

Sekretè Temístocles Montás deklare Somè sa a genyen yon kokenn enpòtans pou peyi latino-ameriken yo paske chèf dEta yo pral diskite konsekans posib kriz mondyal la genyen sou rejyon an. E li deklare “rezon ki fè somè sa a enpòtan-sonje kriz 1929 la Ozetazuni te dure 10 zan... ann' swete kriz sa a pa dire tout tan sa a". Somè La Romana ap bout dimanch 23 novanm nan.

(1) Dr.Jose Serulle Ramia, anbasadè Repiblik Dominikèn nan peyi Dayiti ekri plizyè liv. Pami yo: La Agropecuaria Dominicana De Cara Al Siglo XXI: Politicas Y Estrategias; Humanidad Y Naturaleza: Recursos Naturales Y Medio Ambiente En La Republica Dominicana Y El Caribe; Fondo Monetario Internacional: Deuda Externa Y Crisis Mundial.

Pou yon pèspektiv ayisyen sou somè La Romana, klike sou ralonj anlè atik la pou n' koute repòtaj Ronald César a.

 


Listen to This Report Repòtaj Ronald César a
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj Ronald César a
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available