Laprès Ozetazini rapòte prezidan-eli Etazini an, Barack Obama, deside
nonmen Timothy
 |
| Prezidan-eli Barack Obama (Nov. 2008 foto achiv) |
Geithner kòm minis trezò. Msye Geithner se aktyèl
Gouvènè Bank Santral Eta New York la. Ekip tranzisyon Msye Obama a poko
fè okenn anons ofisyèl sou nominasyon sa a, sepandan nouvèl yo di anons
la kapab parèt semèn pwochèn.Antretan, plizyè endis sou
mache-d'labouss ameriken an anrejistre yon ogmantasyon nan pri aksyon
yo, aprè nouvèl ki te fè konnen prezidan-eli Obama pran desizyon sou
kilès li chwazi kòm pwochen minis trezò Etazini e ki va genyen pou l'
dirije efò pou remete ekonomi amerikèn nan sou ray. Gwo Endis yo sibi
yon ogmantasyon plis pase 5 pousan nan fen tranzaksyon yo jodi vandredi
21 novanm 2008 la.
Yon lòt kote, jounal ameriken The New-York Times
pibliye tou yon atik ki fè konnen ansyen kandidat alaprezidans
Lèzetazini e senatè Eta Nouyòk Hillary Clinton aksepte nominasyon l'
kòm Sekretè Deta. Sepandan, biwo senatè Clinton nan demanti nouvèl sa
a. Neanmwen, yon pòt pawòl senatè a di chita tande ou kesyon an ak
ekip tranzisyon msye Obama a ap mache trè byen.
Sou yon plan
entènasyonal e rejyonal, prezidan ameriken an, George W. Bush, rive nan
vandredi nan Pewou, kote li pral pote kole ak lidè nan rejyon
pasifik la. Mesye Bush pral patisipe nan yon somè anuèl sou
ekonomi--somè ki pral santre sou kriz finansyè mondyal la.
Lidè
ameriken
 |
| Prezidan Bush (agoch) ak Prezidan chinwa a, Hu Jintao, nan Pewou nan somè Peyi Azi Pasifik yo. 21 Nov. 2008 |
an gen pou’l fè yon rankont nan vil Lima, kapital peruvyèn
nan, ak prezidan chinwa a, Hu Jintao. Dapre Mezon Blanch la, rankont
sila a pral bay prezidan Bush opòtinite pou l' pase an revi relasyon
amerikano-chinwa yo anvan 30tyèm anivèsè etablisman relasyon
diplomatik ant 2 nasyon yo.
Somè kooperasyon ekonomik Azi-Pasifik la
pral dire 2 jou e lap tanmen samdi nan kapital peruvyèn nan. Lidè
ameriken an pral eseye jwenn apui tou pou mezu 20 pi gwo ekonomi
mondyal yo te adopte nan somè G-20 semèn pase a nan Washington, D.C.
Aksyon sa yo pral sèvi pou rezoud kriz ekonomik global la ansanm ak
pwoblèm ki te alabaz kriz la.