VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola


23-11-2008

US President-elect Barack Obama addresses European Olympic Committee via videotape, 21 Nov. 2008
    Prezidan-eli Barack Obama
Yon gwo asistan Prezidan-eli Barack Obama deklare pwochen administrasyon an mentni angajman n pou li mete ann aplikasyon yon plan relans ekonomik pi vit posib. Stratèj kanpay Obama a, ki se yon gwo konseye l, David Axelrod, deklare sou televizyon maten an, Msye Obama vle kolabore ak konpayi otomobil yo (General Motors, Ford, ak Chrysler) sou plan sa a, tousuit apre li va fin prete sèman le 20 janvye.

Bo kote pa l, prezidan-eli a deklare nan mesaj li delivre yè samdi a nan non Pati Demokrat la ke plan relans ekonomik li a pral gen ladan n pwojè pou rekonstwi wout ak pon, modènize lekòl, e devlope lòt sous enèji ki pa chita sou petwòl. Barack Obama espere kreye, oubyen pwoteje, 2-milyon-edmi djòb nan 2 zan. Prezidan Komisyon Finans nan Sena a, Demokrat Charles Schumer (NY) di gouvènman an kapab bezwen depanse ant 500 a 700-milya dola nan plan relans ekonomik sa a. Li di Kongrè a pral travay ak Msye Obama pou prepare e vote plan an apre prestasyon sèman an, an janvye pwochen.

Pou sa ki konène fòmasyon Kabinè Obama a, se demen lendi a prezidan-eli a ta dwe anonse ofisyèlman ki moun kap fè pati ekip ekonomik li a. Men responsab nan tranzisyon an deja di ministè trezò a pral jwenn Timothy Geithner, ki se prezidan bank santral New York la.

New York Federal Reserve Bank President Timothy Geithner (file photo)
       Timothy Geithner
Tankou plizyè lòt sitwayen msye Obama nonmen nan gouvènman n nan, Timothy Geithner te travay sou gouvènman Bill Clinton nan. 

Ansyen minis trezò Clinton Lawrence Summers ap Direktè Konsey Ekonomik Mezonblanch la sou Obama, e ansyen minis enèji Clinton Bill Richardson pral minis komès sou Obama. 

Richardson, ki gouvènè eta Nouvo-Meksik se youn nan kandida ki pat rive lwen nan eleksyon primè demokrat yo e ki te rale kò l pou finalman li te apiye Barack Obama olye de Hillary Clinton.


Listen to This Report Repòtaj VOA Sou Tranzisyon an Ozetazini
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj VOA Sou Tranzisyon an Ozetazini
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available