VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a


24-11-2008

President-elect Barack Obama, right, introduces Treasury Secretary-designate Timothy Geithner and Council of Economic Advisers Chair-designate Christina Romer
Barack Obama, (adwat) ak Tim Geithner [agoch] e Christina Romer [nan mitan]
Prezidan-eli Barack Obama entrodui ekip ekonomik li a jodi lendi a, prèske 2 mwa avan enstalasyon li nan Lamezonblanch. Msye Obama bay yon konferans pou laprès amidi a nan vil Chicago  pou l’anonse pèsonaj-kle ki pral  travay sou yon plan relans ekonomik li elabore pou kreye plizyè milyon anplwa.

Nan tèt ekip sa a nou jwenn Timothy Geithner, Prezidan Bank Santral New York la, ki pral ranplase Henry Paulson kòm Minis Trezò. Mache finansye ameriken yo te reyaji pozitivman vandredi lè yo te aprann ke Tim Geithner pral okipe pòs Minis Trezòa.

Msye Obama anonse tou jodi a chwa Lawrence Summers kòm Direktè Konsèy Ekonomik Nasyonal Mezonblanchla (NEC). Msye Summers te okipe pòs  Minis Trezò sou administrasyon Clinton nan.

Prezidan-eli Obama chwazi Christina Romer pou dirije gwoup Konseye Ekonomik li-yo (CEA), epi Melody Barnes ki pral alatèt Konsèy sou Politik Nasyonal la (CNP). Nouvo administrasyon an pran angajman pou li pwopoze yon plan relans ekonomik byen chapante tousuit apre Barack Obama va fin prete sèman nan dat 20 janvye 2009 la. Plan sa a ka koute plizyèn santèn-milya dola. Sepandan, Barack Obama pat vle bay chif nan konferans jodi a.


Listen to This Report Aktyalite Ekonomik la Ozetazini
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Aktyalite Ekonomik la Ozetazini
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009

  Lòt Nouvèl
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available