VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Vizit Sipriz E Vizit "Adieu" Prezidan George W. Bush nan Irak


14-12-2008

Prezidan ameriken an, George W. Bush, fè dimanch 14 desanm nan yon vizit sipriz e, an menm tan, yon vize "d'adieu" nan Irak. Msye Bush, san twonpèt ni fanfa, kite nan nuit samdi pou louvri jodi dimanch lan Washington, DC pou kapital irakyen an, Bagdad, kote li debake nan apre midi menm jou a.
[insert caption here]
Prezidan George W. Bush,  adwat, kap mache akote prezidan irakyen an, Jalal Talabani, nan Bagdad. 14 Dec. 2008
Kontrèman ak 3 vizit-sipriz li te fè anvan yo,  vizit sa a te demare avèk yon ti seremoni byenvenu - yon siy, petèt, ki montre amelyorasyon sitiasyon sekirite a nan kapital irakyen an. Irak, san di petèt, pral fè (e fè) pati eritaj msye Bush ak gouvèman lap dirije depi 8 tan  Ozetazini an e kap rive nan fen manda li 20 janvye 2009 la.

Vwayaj prezidan an, an pati, se yon opòtinite pou l' prezante sitiasyon an nan Irak sou yon jou pi favorab pandan lap pare l'  pou l' kite pouvwa a.
Msye Bush ap fè chita-pale ak premye minis Nouri al-Maliki e ak prezidan Jalal Talabani.

Chèf Mezon Blanch lan sipoze rankontre tou ak twoup ameriken yo nan Bagdad--dènye okazyon pou l' pale direkteman ak militè yo antanke kòmandan an chèf anvan l' pase mayèt la bay prezidan-eli Barack Obama 20 janvye kap vini an.

Vizit msye Bush la tonbe bab pou bab ak siyati yon nouvo akò sekirite ki non sèlman defini avni twoup ameriken yo nan Irak men ki fikse yon kalandriye pou yo kite nasyon arab la vè ane 2011. Nan avyon kap mennen msye Bush nan Bagdad la, Konsye Nasyonal Sekirite Mezon Blanch lan, Stephen Hadley, di yon ti gwoup jounalis kap vwayaje avèk prezidan an "akò sa a se yon akò inik nan mond arab la" e li kalifye li kòm yon  "dokiman remakab".

Msye Hadley fè remake se atravè deba e atravè diskisyon piblik palman irakyen an (yon palman eli) adopte akò a. Aktyèlman, genyen 150,000 sòlda ak pèsonèl ameriken nan Irak.

Plis pase 4 mil 200  militè ameriken pèdi lavi yo depi envazyon Lèzetazuni te lanse an mas 2003 pou retire Saddam Hussein sou pouvwa a.


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available