VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Lèzetazini Pare pou l Defann Tèritwa l nan ka Kore-di-Nò ta Atake l ak Misil


19-06-2009

U.S. Defense Secretary Robert Gates (l) and Joint Chief's of Staff Chairman, Admiral Michael Mullen at the Pentagon, 18 Jun 2009
Minis Defans ameriken an,  Robert Gates (a goch) avèk kòmandan Fòs Zame Lèzetazini an, Amiral Michael Mullen, nan Pentagòn nan, 18 Jen 2009.
Lame amerikèn fè konnen li ranfòse sistèm defans anti-misil li enstale sou Il Hawayi yo, aprè nouvèl te parèt pou di Kore-di-Nò byen kapab lanse yon misil nan direksyon il sa-yo ki nan Oseyan Pasifik la. Minis defans ameriken an, Robert Gates, deklare Lèzetazini pran tout dispozisyon ki nesesè pou l defann tètitwa li.  Minis Gates di -nap site:

“Nou genyen kèk preokipasyon devan posiblite pou Nò-koreyen yo ta lanse yon misil nan direksyon Awayi. Mwen pase lòd pou yo deplwaye misil-defans an "haute altitude" nan Awayi e pou yo enstale rada SBX ozalantou il yo pou pote apui, si sa nesesè.  San m pa bay detay sou sa nou pral fè, mwen ka di tou senpleman nou byen plase, nou byen prepare pou n pwoteje tèritwa ameriken an, si sa nesesè."

Sitiyasyon an prezante konsa kèk semèn sèlman aprè Kore-di-Nò te lanse yon misil long-pòte (9 avril 2009 la) ki te pase sou tèritwa japonè a e tout suit aprè li fè tès yon fize nikleyè. Depi lè sa a, otorite ameriken yo fè rankont ak lidè divès peyi pou yo bay yon repons inifye si jamè Kore-di-Nò ta lanse yon lòt misil long-pòte oubyen si l ta fè yon lòt tès nikleyè.

Jdesmara@VOANEWS.com


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available