VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Reyaksyon Sou Deklarasyon Prezidan Obama a Konsènan Peyi Iran


24-06-2009

President Barack Obama gestures as he answers a question during a news conference at the White House in Washington, 23 Jun 2009
Prezidan Barack Obama pandan konferans pou laprès 23 jen an
Dènye deklarasyon Prezidan Barack Obama sot’ fè sou kriz Iran an, kote li di Etazini ak rès mond la estomake e outraje devan operasyon sere-boulon gouvènman iranyen an lanse kont opozisyon an, jwenn konpliman, men tou plis kritik, nan Kongrè a.
   
Pou konpliman yo, pa egzanp genyen John Boehner, (alatèt depite repibliken yo) ki di jounalis yo li kwè Prezidan an pale pi fèm sou dosye a, apre represyon ki fèt nan Teheran kont patizan opozisyon an ki t’ap pwoteste.

“Mwen panse Prezidan an ogmante kritik li kont rejim iranyen an. M’felisite l’ pou sa e nou ta dwe mete plis presyon sou rejim nan toujou.”

Nan yon konferans-pou-laprès Prezidan Obama te bay yè madi a, li te wete chapo devan yon jèn demwazèl peyi Iran, Neda Agha Soltan, ki mouri anba bal, tandiske li pat’ menm nan mitan manifestasyon yo. Imaj asasina sa a, ke moun te anrejistre sou yon telefòm pòtab, choke lemond antye. Msye Obama di se yon gwo lenjistis.

Pandan Komisyon Alokasyon Bidjè nan Chanm Reprezantan yo t’ap voye yon pwopozisyon-lwa devan tout Lachanm nan, pou finanse asistans etranjè ak operasyon Depatman Deta, Demokrat Nita Lowey te eksprime solidarite Kongrè a ak moun k’ap pwoteste nan peyi Iran.

Depite a di menmsi pwopozisyon-lwa sa a pa gen rapò ak evènman ki kontinye ap dewoule apre eleksyon yo ann Iran, nou ta komèt yon gwo erè si nou pa ta eksprime solidarite nou ak pwotestatè k’ap chache libète, nan eleksyon, nan Teheran, sa ki annakò ak prensip demokratik nou yo.  Miss Lowey apiye yon amandman ki va ranfòse sanksyon lalwa amerikèn prevwa konsènan sektè enèji a ann Iran. Depite repibliken Mark Kirk apiye amandman an tou.

Li di, “m’panse li trèzenpòtan pou kontribyab ameriken pa soutni yon pwojè ki pral ede Prezidan Ahmadinejad rezoud pwoblèm mank gazolin ni. Weekend pase a la a, nou wè video lanmò Neda, yon jenn fi, nan lari Teheran, e gen apeprè yon douzèn lòt nouvèl, ata sa ki soti nan Konsèy k’ ap dirije peyi a, sou 50 vil kote te gen plis vwa pase votan nan eleksyon an.” Deklarasyon depite repibliken Mark Kirk.

Sa gen prèske 2 semèn depi Repibliken yo ap kritike Prezidan Obama poutèt li pat reyaji ak ase fòs kont sa k’ap pase nan peyi Iran; ebyen, apre konferans-pou-laprès Msye Obama bay yè madi a, nou remake ton an chanje e, tankou nou sot’ tande l, gen plizyè ki felisite lokatè Mezon Blanch la.

Tcheke vèsyon audio repòtaj sa a anwo, adwat paj la.


Download Repòtaj Dorcil la
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj Dorcil la
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available