VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Prezidan René Préval Fikse Pozisyon l' Ofisyèlman Sou Lwa Salè Minimòm Nan


25-06-2009

Piblikasyon lwa ki fikse salè minimòm jounalye ayisyen an (youn nan prensipal revandikasyon etidyan inivèsite leta ak prive yo) toujou nan kè aktyalite a nan peyi Dayiti. Apre plizyè semèn manifestasyon, kèk fwa vyolan e ki fè viktim pami manifestan yo, prezidan René Préval finalman fikse pozisyon li nan yon lèt li voye bay lejislatè yo e ke l' pibliye mèkredi nan jounal Le Nouvelliste.

Lidè aysyen an, ofisyèlman renouvle objeksyon li kont ogmantasyon salè minimòm nan nivo depite ak senatè yo mete l' la, sètadi, 200 goud olye 70 li ye kounye a, selon nouvo lwa a. Misye Préval eksplike ogmantasyon sa a ka pwovoke chomaj nan sektè soutretans lan, ki rete pi gwo anplwayè ann Ayiti, nan moman peyi a ap chèche kreye pito plis travay.

Semèn pase, jounalis yo te aprann prezidan Préval swete yon ogmantasyon a de vitès:125 goud pou sektè Pak Endistriyèl la e 200 goud pou lòt sektè yo. Yon pwopozisyon 2 chanm palman ayisyen an poko reponn jiskaprezan. Okontrè, reprezantan pèp la yo te menm menase pou yo reyini pou deside pibliye lwa a jan li ye a si prezidan an pa vle siyen l' pou voye li nan jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur.

Nan lèt li pibliye nan Le Nouvelliste la, prezidan René Préval envite lejislatè yo pa fèmen pòt negosyasyon yo.

NB:Pou devlopman nouvèl sa a ak lòt pwen ki domine aktyalite mèkredi 24 jen an koute pwogram nou yo sou lyen ki agoch paj sa a ki rele "Pwogram apre midi a". Nou ka koute tou, pwogram maten an ak pwogram midi edmi an avèk yon klik sou lyen ki koresponn ak emisyon nou ta renmen tande a. Epi, nou gen dwa fè yon klik sou lyen ki anwo e adwat paj sa a pou devlopman atik sou salè minimòm nan.


Download Repòtaj Korespondan nou yo
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj Korespondan nou yo
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available