VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Zye : Ki Jan Pou Prevni Glokòm ak Katarat


25-06-2009

Vizyon rete youn nan fakilte ki pi enpòtan nan lavi yon kretyen-vivan. Se sa k' fè chak moun gen responsablite pou l pwoteje  2 grenn  zye Bondye ba li yo. E tankou zòt di nan peyi d’Ayiti, "yo pa vann zye nan famasi".
 
Rechèch ki fèt montre ki jan nan peyi pòv (Ayiti par egzanp)  tankou nan peyi rich yo (nou ka site Etazini kòm ekzanp) tretman maladi zye koute anpil lajan paske medikman ak materyèl yo koute 2 zye nan tèt. E si moun nan gwo ekonomi yo ap pleyen, nou pa bezwen mande pou sila kap viv nan peyi ekonomi rachitik yo
World Glaucoma Day aims to raise awareness of the eye disease that is the leading cause of blindness worldwide
Glokòm ka lakoz moun avèg
.
Tout espesyalis nan zafè lamedsin dakò pou di "prevansyon se pi bon politik medikal ki egziste". E fransè yo di l' byen nan lang pa yo «prévenir vaut mieux que gérir»; konprann: pito ou pran prekosyon olye ou oblije al chèche tretman apre maladi finn antre sou ou.
 
Pou edike, fòme  e konsyantize oditè yo, Sèvis Kreyòl Lavwad'Lamerik la te chwazi 2 maladi zye kòm tèm pwogram  «Dyaloge ak Etazini » 24 jen ki sòt pase a. 2 maladi sa yo se: Glokòm (Glaucome) ak Katarat (Cataracte).
 
Nan pwogram lib tribin sa a, ki pase chak mèkredi sou antèn Lavwad'lamerik ak radyo afilye li yo, te gen 2 espesyalis ayisyen ki maton nan kesyon zye e ki fè anpil eksperyans nan domèn sa a.

2 oftalmològ ki tap reponn kesyon oditè yo ak animatè pwogram nan, Chérubin Dorcil ak Marie-Luce Pierre, se te doktè Frantz Large (prezidan Asosyasyon oftalmològ Ayisyen yo kap fè yon travay-teren ekstraòdinè nan peyi d’Ayiti) ak  doktè Fritz Allen, ansyen prezidan Asosyasyon oftalmològ ayisyen,  kap travay kounye a pou "Kaiser Permanente", yon konpayi asirans-sante ak sèvis medikal nan Eta Maryland, isit Ozetazini.

Pou w tande edisyon sa a, nap envite w klike sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la. 

Redaktè atik sa a se: jbeliz@voanews.com


Download Dyaloge ak Etazini : Prevni Glokòm ak Katarat
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Dyaloge ak Etazini : Prevni Glokòm ak Katarat
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available