VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Lemond Antye Andèy Apre Lanmò Wa Mizik Pòp la Michael Jackson


26-06-2009

Michael Jackson announces that he is set to play ten live concerts at the London O2 Arena in July, 05 Mar 2009
Michael Jackson (Foto achiv)
Anpil sipozisyon  ap fèt  sou kòz ki pwovoke lanmò  sibit Michael Jackson, Wa Mizik Pòp la, jedi 25 jen 2009 nan vil Los Angeles, eta Kalifòni. 

Yon ofisyèl nan biwo medsen lejis Los Angeles la fè konnen vandredi 26  yap fè otopsi sou kadav Michael Jackson pou detèmine ki sa k' touye vedèt la. 

Asistan direktè biwo a, Doktè Ed Winter, pale ak laprès pou l' di doktè yo pral egzaminen kadav li pou chèche tras medikaman ak dwòg, e fè plizyè lòt tès ke l' pa presize. Daprè misye Winter toujou, sa ka pran ant 6 e 8 semèn pou moun konnen rezilta yo--- rezilta ki kapab reponn anpil kesyon moun ap  poze sou lanmò vedèt la.

Pandansetan  toupatou,  soti isit Ozetazini--spesyalman devan kay
In this 13 Nove 1988, file photo, pop singer Michael Jackson performs before a sold out crowd for his Bad tour at the Los Angeles Sports Arena
Michael Jackson , 13 novanm 1988 nan  yon gwo stad nan Los Angeles
Michael Jackson nan Los Angeles--pou rive nan peyi Lafrans e plizyè lòt kote nan lemond, fanatik; dlo nan je ak bouji, flè e ak foto nan men yo,  ap temwaye soufrans yo devan video, pankat ak postè Wa Mizik Pòp la. Medya yo, yo menm, pa sispann pase video klip, koregrafi ak mizik atis la.

Anvan lanmò sibit Michael J. Jackson jedi 25 jen an, anpil zye te brake  sou  vil Londres, ann Angleterre, kote li te gen pou l tanmen, apre plis pase 10 zan absans, yon retou sou sèn mizikal la avèk plizyè dizèn konsè ki te dwe demare nan mwa jiyè kap vini la a. 

Nan yon sèl maten, òganizatè konsè yo te deja vann 500 mil tikè pou spektak yo. Fanatik nan apeprè 220 te achte Tikè pou seri konsè sa yo. Seri a, ke li rele " This is It", te sipoze reprezante "jibile" fen karyè Michael Jackson-- yon fason, daprè sa atis la te di li menm, pou l tire "lareverans" bay piblik la ki pa janm sispann sipòte li, menm nan moman pi tris e  pi sonm nan karyè li.

Nou envite w klike sou ralonj anwo e adwat paj la pou w koute yon pwogram espesyal sou lanmò Michael Jackson, youn nan pi gwo vedèt Showbiz nan lemond 40 dènye ane yo.



Download Pwogram espesyal sou lanmò Michael Jackson
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Pwogram espesyal sou lanmò Michael Jackson
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available