VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

L'OEA ap Fè Demach pou Manuel Zelaya Retounen sou Pouvwa a nan Ondiras : Sekretè Jeneral Insulza Prale Tegousigalpa Samdi


03-07-2009

 
Jose Miguel Insulza
      Jose Miguel Insulza
Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), José Miguel Insulza, anonse li prale nan peyi Ondiras jodi vandredi a pou l fè demach pou Prezidan Manuel Zelaya retounen sou pouvwa a. Misye Insulza fè anons la yè jedi a nan yon somè lidè peyi Karayib la ki dwewoule nan  nan Gayana. Chèf l'OEA a deklare li pa pral Tegousigalpa pou l negosye, men pou l renmèt  gouvènman «de facto» a yon iltimatòm. L' OEA vle pou misye Zelaya retounen sou pouvwa a pa pi ta ke samdi 4 jiyè a; sinon Ondiras ap pèdi estati li kòm manm òganizasyon rejyonal la. 

Pandansetan, prezidan pwovizwa a nan Ondiras, Roberto Micheletti, ki tap pale jedi swa, deklare li pa ta genyen okenn pwoblèm pou l òganize eleksyon pi bonè si sa ka ede rezoud kriz politik la. Yon eleksyon prezidansyèl te fikse deja pou mwa novanm nan. Nouvo gouvènman an akize misye Zelaya deske li se yon trèt ki te komèt abi pouvwa e otorite yo di yo pare pou yo arete l si l tounen Ondiras.

Nan Washington, Depatman Deta a anonse li bloke pwovizwaman asistans Lèzetazini pou peyi santwo-ameriken an, sitou nan domèn militè a. Ian Kelly, pòtpawòl Depatman Deta a, ensiste sou baz legal asistans la. Nap site :

"Nap etidye aspè legal la. N ap chache konnen si nou ka aplike nan ka sa a seksyon 7008 lwa amerikèn sou asistans etranje a. Pandansetan nou pran kèk aksyon kote nou bloke pwogram asistans la pwovizwaman --pwogram ki ka kanpe nèt si yo rive pwouve legalman ke evenman 27 jen yo se te yon kou deta militè. »

Manuel Zelaya, presidente de Honduras.
Manuel Zelaya, Presidan dechouke Ondiras la.
Malgre iltimatòm OEA ki mande pou misye Zelaya retounen sou pouvwa a nan Ondiras ap bout samdi, yon responsab nan Depatman Deta a di, an pratik, pwosesis diplomatik ki nesesè nan ka sa a kapab pi long ke sa moun te panse, paske l ap difisil pou yon reyinyon fèt sou sa samdi nan katye jeneral OEA a nan Washington kote òganizyon an genyen katye jeneral li ki tou pre sant festivite kap make anivèsè endepandans Lèzetazini menm samdi 4 jiyè a. 


 

 


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese

  Lòt Nouvèl
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available