VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Tennis: Yon Twazyèm Tit Chanpyon Wimbledon Pou Serena Williams


04-07-2009

[insert caption here]
Serena Williams, Chanpyòn Wimbledon 2009
Serena Williams
kale gran sè li, Venus, 7-6, 6-2 samdi nan final tounwa tennis Wimbledon 2009 la, ann Angletè. Viktwa sa a, se twazyèm li ranpòte nan "All England Club la" e onzyèm tit "Grand Chelem" li.

Nan katriyèm fas a fas yo nan final Open britanik la, pou yon twazyèm fwa, se Serena ki remèt meyè pèfòmans la sou teren an, kote li domine gran sè a, pou l' ranpòte premye set la sou tiebreak (jeu décisif 7-6) epi domine dezyèm manch la jiskaske li voye Venus "remise à ses parents" ki, bagay ki ra nan domèn tennis la, se papa ak manman Serena tou.

Viktwa Serena a, premye li nan Wimbledon depi sizan (6 ans), vin anpeche Venus--senk fwa chanpyòn konpetisyon an, tounen premye atlèt fi depi almand Steffi Graf (1991-93) ki ranpòte  tounwa Wimbledon nan twa ane youn apre lòt. A yo de a, de sè  William yo rafle 8 sou 10 twofe Wimbledon yo pandan dis dènye ane yo.

Nan katriyèm bal de match la, lè Venus lage yon boul nan filè a apre yon sèvis ti sè a, Serena Serena lage kò'l atè sou gazon, de bra anlè ak de je'l fèmen, pou l' selebre kado (?) sa a ki vin mete palmarès li a onz tit chanpyon Grand Chelem. E, jan sa pase souvan lè de sè yo rankontre nan final, venkè a pa selebre twòp tankou li fè apre li kale yon lòt advèsè... e nou ka konprann byen poukisa. Apre match la, Serena mache al bay Venus akolad pa lòt bò filè a. Epi Venus, ventnevan, reponn anbrasad la avèk kèk ti tap amikal sou zepòl Serena, vennsetan, kòmkidire pou di li "bon travay".

Kidonk, se Serena ki pati ane sa a ak twofe "Venus Rosewater Dish la", ke Venus te ranpòte
Serena ak Venus Williams, chapyòn e vis-chanpyòn Wimbledon 2009
Serena ak Venus Williams, chapyòn e vis-chanpyòn Wimbledon 2009
pandan de dènye ane yo.

                                               

Nan entèviou li bay apre match la, Serena Williams te genyen deklarasyon sa a: “se reyèlman yon sansasyon fòmidab”. “Mwen santi m' beni. Mwen santi kòmkwa mwen pa ta dwe kenbe twofe sa a nan men mwen. Mwen pa ka kwè mwen genyen l' nan men mwen. Li pote non Venus e'l toujou ranpòte li. Mwen poko ka finn kwè mwen genyen li."

Serena te bat Venus nan final 2002 ak 2003 a, anvan Venus te repran avantaj la nan final ane pase a. Pou Venus, "Serena te twò bon jodi a". Li te genyen yon parad pou tout sa'm fè. Li jwe pi bon tennis la jodi a. Alòs, felisitasyon."

De sè yo ap retounen sou "Center Court la", teren santral la, ankò nan fen jounen an pou final doub medam yo, kote yo pral kwaze rakèt ak Ostralyèn Samantha Stosur e ak Rennae Stubbs. Yo pral chèche ranpòte katriyèm twofe doub yo nan Wimbledon e dizyèm tit chanpyòn doub yo nan yon tounwa Grand Chelem.

Venus te rive nan final la kòm favori apre bèl pèfòmans (pi bon nan karyè li, dapre espesyalis yo) li remèt sou gazon Londres la pandan tout konpetisyon an. Pandan 2 semèn, li pa janm pèdi menm yon sèt nan 17 match li jwe. Men, samdi 4 jiyè a, li pat ka siye kajou Serena a, ki te demontre anpil detèminasyon ak yon swaf "irrésistible" pou l' pran koup la.

Serena Williams, Wimbledon 2009
Serena Williams, chanpyòn Wimbledon 2009
Serena kounye a genyen yon avantay onz viktwa kont dis sou sè li--pami yo, sis kont de nan final Grand Chelem yo jwe.

Final mesye yo ap jwe dimanch 5 jiyè a e lap mete fas pou fas suis Roger Federer, kap chèche bat rekò 15 tit chanpyon Grand Slam li, ak ameriken Andy Roddick, de fwa finalis nan Wimbledon. Federer, ki chanpyon 5 fwa deja sou gazon angle a, gen yon palmarès 18 viktwa a 2 sou Roddick. Se setyèm final youn apre lòt Federer ap jwe nan Wimbledon e ventyèm final Grand Chelem karyè li.

Chanpyòn nan ap touche $1 milyon 230 mil dola ameriken (850 mil liv britanik. 1 pound= $1.45) menm jan ak chanpyon kay mesye yo. Venus resevwa 425 mil liv.  Pou final doub medam yo, ke de sè yo ranpòte, yo touche 230 mil liv britanik.

Klasman Asosyasyon Tennis Pwofsyonèl Medam yo, WATP:

Ran Jwèz/Peyi Pwen
1 Safina, Dinara (RUS) 10521
2 Williams, Serena (USA) 8758
3 Williams, Venus (USA) 6617
4 Dementieva, Elena (RUS) 6591
5 Kuznetsova, Svetlana (RUS) 6071
6 Jankovic, Jelena (SRB) 5980
7 Zvonareva, Vera (RUS) 5400
8 Azarenka, Victoria (BLR) 5066
9 Wozniacki, Caroline (DEN) 4780
10 Petrova, Nadia (RUS) 3300

E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available