VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Prezidan Obama --k ap vizite Larisi depi Lendi --Mande pou gen Pi Bon Rapò ant Washington ak Moskou


07-07-2009

          
President Barack Obama meets with Russia's President Dmitry Medvedev (right) at the Kremlin in Moscow, 06 July 2009
Presidan Barack Obama avèk Prezidan Larisi a, Dimitry Medvedev (adwat) nan Kremlen an (Moskou, 6 Jiyè 2009).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, lanse yon apèl bay Larisi pou mande l travay avèk Lèzetazini pou yo chache rezoud gwo pwoblèm ki poze nan domèn sekirite mondyal la e sou plan ekonomik la nan epòk nap viv la. Misye Obama pale konsa nan yon diskou li fè devan etidyan k ap diplome nan yon fakilte syans ekonomik nan Moskou, kote l ap fè yon vizit ofisyèl depi yè lendi a.

           Misye Obama ---ki deklare li vle Lèzetazini genyen pi bon rapò ak Larisi-- kòmanse 2èm. jounen li nan Moskou avèk yon 2èm. seri kontak ak otorite yo. Si lendi li te rankontre avèk Prezidan Dimitry Medvedev, jodi madi a li fè chita-tande pou la premyè fwa ak premye-minis e ansyen Prezidan Vladimir Putin ki, daprè anpil analis, se pi gwo pèsonalite politik peyi a jiskaprezan, paske se li ki ta gen vrè pouvwa a nan men n. Nouvèl yo di ton konvèsasyon ant misye Obama ak Misye Putin te kòdyal, menm jan pawòl yo te chaje ak politès. Prezidan Obama di –n ap site:

"Finalman, nou byen kapab pa rive antann nou sou tout bagay; men mwen panse nou youn kapab montre respè pou lòt, e nou ka tabli kontak ki nan enterè ni pèp ameriken an, ni pèp ris la."

            Misye Obama kontinye pou l di etidyan ki te rasanble pou koute l yo, anpil chanjman  fèt nan lemond pandan 20 dènye ane yo e li fè yo konnen kijan Lèzetazini
U.S. President Barack Obama delivers remarks during the New Economic School graduation ceremony in Moscow, 07 July 2009
Presidan Obama ap pale nan yon seremoni remiz diplòm nan Nouvo Lekòl Syans Ekonomik Moskou a -7 Jiyè  2009
anvizaje avni relasyon n avèk ansyen advèsè li pandan Lagè Frèt la, an palan de Larisi. N ap site lidè ameriken an :

"Pou kòmanse, kite m pale klè pou m di Lèzetazini ta renmen wè yon Larisi ki fò, ki pasifik e pwospè. Opinyon sa a genyen rasin ni nan respè nou pou pèp ris la e nan yon istwa 2 nasyon nou yo pataje --yon istwa ki depase kad tout konkirans, kad tout konpetisyon."

             Prezidan Obama pale tou de kesyon dwazimen ak souverènte nasyonal – swa 2 sijè ki, nan le pase, te lage mezantant ant Washington ak Moskou.

 « Menm jan chak peyi gen dwa pou l chwazi lidè l yo, peyi yo fèt pou gen dwa tou pou yo genyen fwontyè ki gen sekurite, menm jan yo gen dwa dirije pwòp politik entènasyonal yo. Se yon verite pou Larisi, menm jan se yon verite pou Lèzetazini. Tout sistèm ki pa respekte dwa sa yo pral debouche sou anachi. Se pou sa prensip sa a fèt pou l aplike pou tout peyi, san bliye La Jòji avèk Ikrèn. »

              Se deklarasyon prezidan Barack Obama nan yon diskou li fè madi 7 jiyè a devan yon gwoup etidyan ki te reyini nan nouvo fakilte syans ekonomik Moskou a, nan Larisi, kote li tanmen, yè lendi a,  yon tounen entènasyonal k ap dire prèske yon semèn. Anvan lidè ameriken an kite kapital ris la madi apremidi, li genyen pou l rankontre avèk dirijan sektè komès ak endistri a, plis kèk militan opozisyon an.    

Jdesmara@voanews.com


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis

  Lòt Nouvèl
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available