VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Nan Somè G-8 la, Ann Itali, Lidè yo Pwomèt yon sòm 15 Milya Dola pou Konbat Grangou nan Lemond


10-07-2009

 
US President Obama shares a word with French President Sarkozy during group photo of G8 and G5 leaders in L'Aquila, Italy, 09 Jul 2009
Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap bay lidè fransè a, Nicholas Sarkozy, lanmen pandan yon priz foto-an-gwoup lidè G8 ak G5 yo nan vil L'Aquila, ann Itali, 9 Jiyè 2009 la.
Lidè peyi ki pi rich nan lemond yo –pami yo nou jwenn prezidan ameriken an, Barack Obama- ap rankontre jodiya ak dirijan peyi afriken yo pou yo pale de sekirite alimantè nan lemond. Yap fè chita-pale sa yo nan vil L’Aquila, ann Itali, kote somè G-8 la rive sou 3èm. e dènye jou li. Obsèvatè yo atann yo aske patisipan yo mete fen nan somè ekonomik sa a avèk yon angajman kote y ap pwomèt pou yo mete yon sòm 15 milya dola a la dispozisyon peyi pòv yo pou ede yo konbat grangou epi devlope sektè agrikòl la lakay yo. Aprè prezidan ameriken an va fin pran peti-dejene avèk delege afriken yo, li pral fè yon rankont separe ak reprezantan ofisyèl peyi Afrik di Sid yo anvan l al rann Pap Benwa 16 yon vizit. Apre sa, lap kite Itali pou li ale ann Afrik.

Aprè sesyon yè jedi a, prezidan ameriken an te pran lapawòl sou youn nan tèm diskisyon somè a, ki se travay ki nesesè pou konbat rechofman Planèt la gras ak yon seri de dispozisyon k ap pèmèt peyi endistriyalize yo sitou diminye kantite gaz k ap monte nan lè a. Si delege yo pa rive jwenn yon antant sou kesyon emisyon gaz la, yo jwenn yon konsansis pou yo itilize lòt mwayen pou eseye limite rechofman planèt la, dekwa pou tanperati a desann rive nan yon nivo kote l ap sèlman 2 degre santigrad an plis sa l te ye anvan revolisyon endistriyèl la. Misye Obama di --n ap site:

"A la fen dè fen, nou genyen yon chwa: Nou kapab bay avni nou fòm nou vle nou-menm, oubyen nou ka kite evennman yo ba li nenpòt ki fòm. Nou kapab retounen nan deba ki p ap mennen okenn kote epi retounen nan ansyen divizyon yo, oubyen nou kapab deside ale de lavan e fè fas ak defi sa yo ansanm."

Sekretè-jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon
U.S. President Barack Obama (L) talks with Indian Prime Minister Manmohan Singh (R) prior to a meeting of the G8 and participating African countries in L'Aquila, in central Italy, 10 Jul 2009
Prezidan Obama (agoch) ap pale avèk Premye Minis endyen an, Manmohan Singh, anvan lidè G-8 yo te rankontre ak delege peyi afriken yo nan vil L'Aquila, nan sant Itali, vandredi 10 jiyè 2009 la.
, te patisipe tou nan deba yo nan vil L’Aquila kote somè a ap dewoule a. Sa pa gen lontan, yon tranbleman-de-tè te fè gwo dega nan vil italyèn sa a. Misye Ban lanse avètisman bay patisipan yo pou l di yo dispoziyon y ap anvizaje yo pap sifi pou rezoud pwoblèm ki poze yo. Chèf l’ONI an fè konnen --n ap site: “Politikman e moralman se yon obligasyon e se yon responsabilite istorik lidè yo dwe pran pou yo pwoteje avni limanite.»

Aprè somè G-8-la kap pan fen jodi jedi 10 jiyè a, Prezidan Obama prale nan peyi Gana pou premye vizit li nan rejyon ki anba Sahara a depi l te monte sou pouvwa a. Michelle Gavin se prensipal konseye La Mezon Blanch pou politik Lèzetazuni konsènan kontinan afriken an. Madam Gavin pale pou l di: « Se yon mesaj Lèzetazini vle lanse, pou l di Lafrik fè pati gwo visyon nou genyen pou politik entènasyonal nou an ; se pa yon rejyon separe ki vin sou ajanda nou yon fwa an pasan e ki pa sou gwo liv politik etranjè nou an."

Prezidan Barack Obama gen pou l debake nan peyi Gana nan fen jounen vandredi 10 jiyè a.


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Somè Amerikano-Endyen nan Lamezon Blanch: Chanjman Klimatik yo Byen Wo sou Pwogram Rankont sa a

  Lòt Nouvèl
CONCACAF Soutni Kandidati Etazini Pou Mondyal 2018 Oubyen 2022  a
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon  Audio Clip Available
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout  Audio Clip Available
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo  Audio Clip Available
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a