Prezidan ameriken an, Barack Obama, pran lapawòl samdi 11 jiyè a devan palman peyi
Ghana
 |
| Prezidan Barack Obama ak prezidan palman Ghana a, Joyce Bamford-Addo, kap salye envite yo apre diskou chèf Deta ameriken an. 11 jiyè 2009 |
a, kote li tanmen depi vandredi yon vizit sou kontinan
afriken an. Misye Obama di ghaneyen yo:Demokrasi, opòtinite, sante ak fen
konfli se kle avni kontinan an ak avni mond an devlopman an. Prezidan Obama,
ki rive nan Ghana apre yon vwayaj ki te kondi l' nan Larisi ak nan peyi Itali, di
pouki li chwazi vizite Ghana nan kad premye vwayaj lap fè antanke prezidan
Lèzetazini sou kontinan afriken an.
"Mwen vini isi a, nan Ghana, pou yon rezon byen senp: sa'k ki pral defini 21 nyèm syèk la, se pa senpman sa'k
pase nan Rome, Moscou ou nan Washington, men tou sa k' pase isit la
nan vil Accra."
Premye prezidan afriken-ameriken an resevwa yon akèy antouzyas nan
kapital ghaneyèn nan, kote yo akeyi li tankou yon fanmi.
Chèf Mezon Blanch lan reponn ak lwanj e ak pawòl felisitasyon pou Ghana
ak enstitisyon demokratik li yo, men tou ak pawòl sevè--pawòl sèl yon manm
fanmi ou ka oze di ou.
Prezidan Obama--pitit yon sitwayen kenyan ak yon amerikèn blanch--te pale sou
koneksyon pèsonèl li ak istwa pase trajik kontinan afriken an; men li di
moman an rive pou afriken yo pran kontwòl pwòp destine yo.
"Wi, yon kat kolonyal ki pa fè anpil sans ede "kale" konfli… e souvan
Loksidan apwoche kontinan afriken an tankou yon patwon e wèl kòm yon sous
ressous, olye li wè li kòm yon patnè. Men Loksidan pa responsab destriksyon
ekonomi peyi Zimbabwe pandan dènye dekad la, ni lagè kote zòt ap anwole timoun
kòm konbatan".
Misye Obama lanse apèl bay nouvèl jenerasyon afriken yo pou yo
konstwi demokrasi, kreye opòtinite, konbat koripsyon, e mete fen nan spiral
pouvwa gwo ponyèt ak konfli ki ekziste sou kontinan an.
 |
| Prezidan Barack Obama ak yon ti bebe sou bra li pandan yon vizit nan lopital jeneral Accra. 11 jiyè 2009 |
Lidè ameriken an di "konfli sa yo tounen yon
kòd ak tout yon gwo wòch ki
mare nan kou kontinan an. E li deklare pa gen anyen ki ka jistifye
moun touye inosan nan non ideoloji. "Se santans lanmò yon sosyete pou l' fòse timoun al mouri nan lagè. Se
dènye typ kriminalite ak lachte pou kondane fanm pou sibi vyòl san rete, tribòbabò. Nou dwe temwaye valè chak timoun nan Darfour
ak diyite chak fanm nan Congo".
Prezidan Obama fè deklarasyon sa yo nan yon diskou li pwononse samdi
devan Palman Ghana a, nan vil Accra. Li di "Ghana tounen yon ekzanp pou rès
kontinan an--yon peyi kote yon pati politik remèt pouvwa a bay yon lòt atravè
eleksyon, e kote enstitisyon gouvènmantal yo solid. Se eleman sa a ki manke twòp kote e pandan twò lontan. Se chanjman sa a
ki ka libere potansyalite Afrik la. E sa, se yon responsablite ke sèl
afriken yo dwe andose".
Li klè ke pawòl prezidan Obama yo te vize yon odyans pi lwen ke sila ki
tap koute l' nan vil Accra a. Responsab nan Mezon Blanch lan di yo sèvi ak
nouvo medya pou pote evènman an bay popilasyon yo atravè kontinan
an---espesyalman jèn yo. Prezidan an te pale ak yo dirèkteman nan diskou li a,
kote li repran slogan mesye Obama pandan kanpay elektoral pou eleksyon
prezidansyèl amerikèn yo.
"Nou kapab ranpòte
laviktwa sou
maladi, mete fen nan konfli epi chanje bagay yo, depi nan baz pou rive nan fetay. Nou kapab fè sa; Wi, nou kapab "!
Anvan diskou a, prezidan Obama te fè chita-pale ak prezidan ghaneyen an, Atta
Mills. Li te vizite tou yon lopital---yon eskal senbolik pou souliyen apui
Lèzetazini anfavè efò devlopman
 |
| Prezidan ameriken Barack Obama, agoch, kap mache ak tokay Ghana li a, prezidan John Atta Mills, nan palè prezidansyèl la nan vil Accra, 11 jiyè 2009 |
yo an'n Afrik.
"Lèzetazini pral akonpaye ou nan chak etap ou franchi antanke patnè e
antanke zanmi. Opòtinite pap sòti okenn lòt kote; li dwe sòti nan desizyon nou
pran nou menm, nan bagay nou reyalize e nan esperans nou genyen nan kè nou".
Anvan
li kite Ghana, prezidan Barack Obama prale vizite yon "building" kote, 300
zan de sa, yo te konn mete afriken pa bann e pa pakèt anvan yo anbake abò bato pou mennen sou
kontinan ameriken an kòm esklav. Anpil, anpil nan nèg sa yo te fini vwayaj la
nan fon lanmè.
Madanm li, Michelle, ak 2 pitit koup la, dwe ale jwenn li sou sit
la.
Premyè dam Lèzetazini an se desandan esklav afriken, men li pa janm endike
nan ki rejyon Afrik la an zansèt li yo te sòti.