VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Iran Dwe Retounen Bò Tab Negosyasyon yo Anvan Lontan si l Vle Evite Plis Sanksyon Poutèt Pwogram Nikleyè l la, daprè Puisans Mondyal yo


03-09-2009

 
Iran's Ambassador to the International Atomic Energy Agency (IAEA), Ali Asghar Soltanieh (file photo)
Anbasadè Iranyen nan Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA), Ali Asghar Soltanieh (foto achiv).
Yon otorite wo-plase nan peyi Iran lanse avètisman pou l di Teheran pa pral bese ba devan okenn presyon kap fèt sou li pou l abondone pwogram nikleyè l-la. Laprès nan Iran site pòtpawòl ministè afè etranjè a, Hassan Qashqavi, ki ta di kòmkwa tout sanksyon yo ta enpoze sou Iran pap efikas, yo pap fè peyi a okenn mal "menm jan ak yon epe wouye". Pòtpawòl la fini pa di Iran ta pi renmen wè pati konsène yo sèvi ak dyalòg e ak negosyasyon pou rezoud pwoblèm pwogram nikleyè li a poze

Misye Qashqavi pale konsa yon jou aprè diplomat kèk grand puisans mondyal te reyini nan vil Frankfort, ann Almay, kote yo bay Iran konsèy pou l retounen nan negosyasyon kap fèt sou pwogram nikleyè l la, e se pou l ta fè sa anvan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an ouvè sesyon anyèl li a nan New York pi ta mwa sa a, pi presizeman nan dat 23 septanm nan. Rankont sa a te gen ladan n 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite l'ONU an (Lèzetazini, Lafrans, Larisi, La Grand Bretay ak Lachinn), plis Lalmay  --se gwoup yo rele 5-P plis 1 an. Sa pa gen lontan, prensipal negosyatè iranyen pou kesyon nikleyè a, Saeed Jalili, te fè konnen Teheran vle fè yon révizyon nan pwogram nikleyè l la e li menm dispoze repran kontak dirèk ak 6 puisans yo sou dosye a. Nan yon pwen-de-près pòtpawòl Depatman Deta a, Ian Kelly, bay yè mèkredi a, li pale de rankont Frankfort la ak enterè diplomat « gwoup 5-P plis 1 an » atache nan deklarasyon misye Jalili a. Nap site misye Kelly:

US State Department spokesman Ian Kelly  (File)
Pòtpawòl Depatman Deta a, Ian Kelly  (foto achiv).
« Pousa k gen rapò ak deklarasyon misye Jalili te fè semèn sa a, kòmkwa Teheran ta pare pou l reprann negosyasyon yo, gwoup la ensiste pou l di Iran fèt pou l reponn òf li te resevwa ann Avril pase a pou l retounen bò tab la anvan asanble jeneral l'ONI an kòmanse. Gwoup la ensiste tou sou dwa Iran genyen pou l posede enèji nikleyè pou rezon pasifik; men Iran dwe konnen tou genyen yon nesesite ijan pou l fè moun remete konfyans nan aspè totalman pasifik pwogram nikleyè l la; e pou sa, li dwe kowopere nètalkole ak kominote entènasyonal la.»

Otorite yo nan Administrasyon Obama a fè konnen yo pa ka di si deklarasyon misye Jalili a anonse yon chanjman nan politik peyi Iran, oubyen si se yon senp taktik diplomatik pou Teheran dekouraje kèk manm kominote entènasyonal la pou yo pa apiye nouvo sanksyon kont li, pandan dat ap pwoche pou sesyon 2009 Asanble jeneral l'ONI an kòmanse.    

Jdesmara@VOANEWS.com


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Ban Ki-moon Fè Chita Tande ak Responsab Ayisyen Yo  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Sekretè Jeneral L'ONU an Retounen Ayiti Dimanch 14 Mas la  Audio Clip Available
Obama Pral Fe Kado Lajan Pri Nobel Li Ranpote a
Prezidan Ayisyen an René Préval Remèsye Etazini pou Asistans li Bay Ayiti Aprè Tranblemand-tè 12 Janvye a  Audio Clip Available
Konsula Ayisyen Nan Miami Kontinye Travay Pou Ede Reskape Yo
Chili: Pinera Monte Sou Pouvwa Nan Moman Yon Seri Gwo Replik ap Sakaje Peyi a
Responsab Lasante Gen Kè Sote Pou Epidemi Pa Eklate Anayiti
Paraison: MAVE Ap Travay Pou Defann Enterè Dyaspora a  Audio Clip Available
Obama, Preval Diskite Sou Rekonstruksyon Ayiti 
Lajustis Ayisyèn Ap Eseye Kore Jefo Lapolis Lanse pou Garanti Sekirite Sitwayen yo
Bank Mondyal Ankouraje Bayè De Fon Entènasyonal Yo Ede Ayiti
Bato Lopital USNS Comfort Ap Kite Ayiti
Lame Amerikèn Voye Pèsonèl Medikal Nan Chili
Preval: Asistans Entènasyonal Ayiti Tap Resevwa Diminye  Audio Clip Available
Etazuni Redui Kantite Twoup Li Genyen Anayiti
Preval Akeyi Gouvènè Jeneral Kanada a nan Potoprens  Audio Clip Available
Lajustis Ayisyen Lage 1 Misyonè Ameriken, Yon Lot Rete Nan Prizon  Audio Clip Available
Chili: Majorite Timoun yo Retounen Lekol
Konpayi Ayeryèn Spirit Reprann Vol nan Direksyon Ayiti  Audio Clip Available
Tranbleman de Tè Nan Turki
Chili: Piyajè Komanse Remèt Machandiz Pou Evite Arestasyon
O.I.T: Timoun Ayisyen Yo Ka Viktim Abi Travay
Chili Ap Obsève Twa Jou Dèy Nasyonal Pou Viktim Tranblemann'tè 27 Fevriye a
Ayiti Resevwa Kèk Pami Plizyè Milye Tant li Komande nan Men La Chinn  Audio Clip Available
L'ONU Pè Pou SIDA Pa Ravaje Ayiti
Kay An Beton Ki Fele Nan Tranblemann'tè a Pral Pase Nan Demolisyon
Diyaloge Ak Etazuni: Reskape Yo Mande Kote Ed ONG Yo?
Ayiti: Lòt Sekous Sismik Toujou Possib  Audio Clip Available