Etazini-Japon : Minis Defans Robert Gates Pote Apui Washington bay Nouvo Gouvènman an nan Tokyo
By Lyonel Desmarattes Washington, DC 20-10-2009
Minis Defans ameriken an, Robert Gates (a dwat), ap bay lanmen avèk Minis Afè Etranjè Japonè a, Katsuya Okada, nan lokal Ministè Afè Etranjè a nan Tokyo - 20 Okt 2009.
Minis defans ameriken an,
Robert Gates, fè konnen Administrasyon Obama a pa dispoze renegosye yon akò
sou prezans twoup militè Lèzetazini genyen sou tèritwa japonè a. Misye Gates
pale konsa ak laprès anvan li te rive Jodi madi a nan vil Tokyo, kote li fè chita-tande
ak minis afè etranjè japonè-a, Katsuya Okada. Lidè Pentagòn nan –ki déjà
rankontre tou ak kèk lòt lidè nan ekip tou nèf ki fèk pran pouvwa a o Japon-
fè yo konnen santiman gouvènman Obama a sou dosye sa a lè li fè konnen – nap site:
<<Nou menm, nan
Adminitrasyon Obama a, nou byen konnen kisa sa vle di lè wap pase pa yon
peryòd tranzisyon. E nan moman gouvènman pa nou isit, o Japon, ap egzèse
responsablite nou, mwen vle di nou Lèzetazini kanpe avèk nou e nou pran
angajman pou n respekte e aplike alyans nou te siyen pou n egzekite yon pwogram
kap transfòme relasyon nou.>>
Daprè alyans misye Gates
mansyone la a --yon alyans 2 peyi yo te
siyen an 2006-- Lèzetazini te dakò pou l wete yon afè de 8 mil « merines » ki sou zile Okinawa nan pati
sid Japon, pou l voye yo kantone pito sou il Gwam ki se yon trèritwa
ameriken. Daprè menm antant la toujou,
yon baz militè ameriken ki sou il Okinawa ap gen pou l chanje lokalizasyon
–satèdi yo pral plase li yon lòt kote sou il la. Aprè vizit sa a o Japon, misye Gates genyen
pou l ale nan peyi Slovaki kote li pral asiste yon rankont minis defans peyi
manm Oganizasyon Trete Atlantik Nò a, l'OTAN.