VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

 
Nouvèl nan 45 lang


 

Kriz Politik Honduras la kontinye Domine Aktualite a nan Amerik Latin nan


20-10-2009

Interim President Roberto Micheletti (File photo)
Prezidan pwovizwa Honduras  la, Roberto Micheletti (Foto achiv)
Gouvènman pwovizwa peyi Honduras la yon ti jan relache yon entèdiksyon li te mete sou tout manifestasyon anvan eleksyon yo ki fikse pou 29 novanm pwochen. Pandansetan prezidan depose a, Manuel Zelaya,  kòmanse 5èm semèn ni nan anbasad Brezil la nan.

Tegucigalpa kote li pran refuj depi li te retounen nan peyi a. Chita-tande kap fèt ant 2 pati yo  nan kad kriz politik sa a, te  rekòmanse lendi 19 oktòb la, men pa genyen okenn siy ki montre gen pwogrè ki fèt sou pwen ki reprezante pi gwo mezantant la: sètadi eske mesye Zelaya ap tounen  sou pouvwa a ?

  Vilma Morales, yon pwòch kolaboratè prezidan pwovizwa
Honduras' ousted President Manuel Zelaya talks inside the Brasilian embassy in Tegucigalpa, 23 Sep 2009
Prezidan depoze  Manuel Zelaya (Foto achiv)
Honduras la, Roberto Micheleletti, di laprès yè lendi a sistèm jistis peyi a dwe deside si wi ou non mesye Zelaya ap retounen nan plas li.

Ofisyèl nan kan mesye Zelaya a rejte pawòl sa a ke yo konsidere  kòm yon pwopozisyon  dwòl e ridikil. Mesye Zelaya lame te arete e voye ann egzil nan dat 28 jen pase a, pwopoze pito pou palman Honduras la pran yon desizyon sou re-enstalasyon n sou pouvwa a.  Pandansetan presyon kominote entènasyonal la kontinye peze sou do gouvènman Micheletti a pou li renmèt pouvwa a bay mesye Zelaya.

 

***********************************


President Luiz Inacio Lula da Silva of Brazil, 21 Sep 2009
Prezidan brezilyen an,  Luiz Inacio da Silva, alias Lula. (foto achiv)
Nan peyi Brezil mem, prezidan Luiz Ignacio da Silva, alyas Lula,   pwomèt pou l konbat trafikan dwòg yo ki responsab lanmò plis pase yon douzèn kretyen vivan  nan vyolans ki te eklate  nan wiken pase a  nan Rio Janeiro, vil ki pral resevwa  Je Zolenpik 2016 yo. Prezidan Lula deklare lendi 19 oktòb la  nan Sao Paulo, gouvènman l la ap konsanti nenpòt sakrifis ki nesesè pou li netwaye sa l rele "dezòd sa a trafikan dwòg yo tabli nan peyi Brezil".
Otorite brezilyèn yo te oblije deplwaye dimanch 18 oktòb la  omwen 2 mil lòt sòlda nan Rio de Janeiro,  yon jou apre afwontman  te dewoule ant gang dwòg ak fòs sekirite yo kote 14 moun te pèdi lavi yo.

 Fòs sekirite yo fè yon demonstrasyon lafòs nan mem dimanch la   nan kèk bidonvil Rio e yo ensiste pou di pwoblèm ensekirite sa a pa mete an kesyon  Je  Zolenpik 2016 yo.  12 moun yo sispèk kòm manm gang mouri  nan batay sa a ki te kontinye jous dimanch la.  2 polisye mouri e 4 lòt  blese. 

 

********************************


La jistis nan peyi Kolonbi re-ouvè ankèt li tap mennen sou vis prezidan peyi a,  Francisco Santos, ki anba akizasyon kòmkwa li nan konivans ak fòs paramilitè zèl dwat yo. Biwo minis jistis la (Guillermo Mendoza)  pran desizyon an yè lendi a, 2 zan apre premye ankèt la  te kòmanse.  

 

*************************************


Siklòn Rick pèdi fòs pou l desann  nan kategori yon  tanpèt twopikal. Sant Nasyonal Ouran Etazini an ki baze nan Miami presize van siklòn nan konnye a ap soufle a 110 kilomèt lè . Rick twouve l sou yon distans  plizyè santèn kilomèt ak rejyon Cabo San Lucas, ki nan pati nòdwès peyi Meksik. Espesyalis meteo prevwa fòs tanpèt twopikal la pral desann toujou nan jou  kap vini yo.

 

jbeliz@voanews.com


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout  Audio Clip Available
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo  Audio Clip Available
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a