Otorite irakyen yo fè konnen eksplozyon yon machin pyeje touye o mwen 28 moun nan yon katye nan Bagdad, kote majorite moun yo se irakyen chiyit.
Daprè Responsab lopital yo, gen pou pi piti 60 moun ki blese nan eksplozyon suisid sa a ki rive nan katye Zafaraniya, nan pati lès kapita la.
Ajan lapolis fè konnen eksplozyon an fèt tou prè yon kay kote moun te reyini pou yo asiste antèman yon nèg ki te mouri nan zak vyolans jedi 26 janvye 2012 la.


Poste Kòmantè yo
* Obligatwa