Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF), branch Ayiti, nan tèt kole ak Ministè Jenès , Spò ak Aksyon Sivik lòt enstitisyon nasyonal e entenasyonal lanse nan kòmansman semèn nan yon mouvman timoun ak jèn  pou rekonstriksyon Ayiti.

Plizyè reprezantan nan vil nasyonal la te reponn prezan nan okazyon an kote timoun ak lajenès  te eksprime volonte ak motivasyon yo genyen pou patisipe nan refondasyon peyi yo .

Pami pèsonalite ki te prezan nan mini-fowòm sa a nou ka site Ministè Jenès, Spò ak Aksyon Sivik Evans Lescoflair,  Jean Coulanges (sekretè pèmanan Komisyon nasyonal  ayisyèn kowoperasyon ak UNESCO), Jean-Edouard Baker (prezidan Komite Olenmpik Ayisyen an).

Madam Elisabeth Augustin, ofisye kominikasyon nan UNICEF— Ayiti ki te reponn kesyon Jacquelin Belizaire  fè konnen ap gen lòt rankont konsa k ap fèt , espesyalman  gwo deba avèk patisipasyon kèk lidè ak kandida ki pral patisipe nan eleksyon  28 novanm 2010 yo.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Jacquelin Bélizaire ak Elisabeth Augustin.