Komisyon Entè-ameriken Dwazimen (CIDH) pibliye yon rapò kote li mete Ayiti pami peyi nan Amerik Latin nan ak Karayib la kap pase dwa sitwayen yo anba pye. Rapò sa a sòti 24 trè apre Michel Forst, yon ekspè Nasyonzini te tire menm konklizyon an apre yon sejou 2 semèn nan peyi Dayiti kote li te gen okazyon pale ak divès sektè nan sosyete ayisyèn nan.
Men se pa sèlman 2 enstitisyon sa yo ki lonje dwèt sou Ayiti. Pierre Espérance, yon responsab Rezo Nasyonal Defans Dwazimen an (RNDDH) di gwoup li a tou fè menm konsta ak Komisyon Entè-ameriken an e ak mesye Forst, reprezantan l'Onu an.
Lòt nasyon Komisyon Entè-ameriken an site nan rapò li a se: Kiba Kolonbi ak Vénézuéla.
Jounalis Jean Pierre Leroy, manm ekip Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, te pale ak mesye Espérance.
***Ale sou ralonj, anwo e adwat paj web sa a pou'w tande deklarasyon li yo.
