Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) menase pou l sispann Honduras nan gwoup emisferik la si li pa retabli mesye Manuel Zelaya nan pòs li kòm prezidan ---- e sekretè jeneral OEA a, José Miguel Insulza,  bay  nouvo lidè nouvo dirijan yo yon ultimatòm kap bout jedi 2 jiyè a.  

Nasyonzini kap fè presyon tou sou lidè kou deta militè a  pran yon vòt "par acclamation " pou yo pa rekonèt nouvo gouvènman Honduras la . Pou òganizasyon mondyal la , mesye Zelaya toujou prezidan peyi a .

Mesye Zelaya  ki te pran la pawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an madi 30 jen an, anonse lap retounen  nan peyi l  jedi 2 jiyè a pou l ' al fini manda 4 tran l l' an kap bout an janvye. Sepandan, nouvo minis jistis la,  Luis Alberto Rubi, fè konnen depi prezidan depoze a  debake nan peyi a,  y'ap arete l.   
Pandansetan, manifestasyon  dewoule nan peyi Honduras an favè lame ak nouvo gouvènman an, kote plizyè milye supòtè avèk drapo ble-e-blan te reyini anba lavil Tegucigalpa (kapital la) pou tande diskou prezidan pwovizwa a,  Roberto Micheletti, ki deklare e nap site "evenman wikenn pase a dwe sèvi kòm egzanp pou montre ke pyès prezidan pa ka plase tèt li sou tèt lalwa".

Pou koute yon repòtaj sou dosye Honduras la , klike sou ralonj ki anlè adwat paj.