Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, di Lèzetazini
ta renmen wè Kenya jwe yon wòl lidèchip nan 21èm. syèk la; men chèf diplomasi
amerikèn nan ensiste pou l di sa depann
de volonte Kenya. Sekretè Deta a pale konsa nan yon rankont nan Nayewobi pandan
li rive sou 2èm. jounen yon virewon l ap fè nan 7 peyi afriken. Madam Clinton
repete yon deklarasyon prezidan Barack Obama te fè pandan yon vwayaj nan peyi Gana
nan mwa Jiyè pase a, kote li te di : <<Avni Kenya depann de Kenya.>>
Byen bonè jodi jedi a Sekretè Deta a depoze yon jèb flè devan yon moniman pou onore
viktim atak al-Qaida te lanse nan ane 1988 sou anbasad amerikèn nan Kenya ak
Tanzani. Demen vandredi a pral make 11zyèm anivèsè atak sa a. Madam Clinton di –nap
site : “Se yon okazyon pou n repete angajman ak dispozisyon nou pou n garanti
keplis inosan pa pèdi lavi yo nan kalte
atak konsa nan lavni.”
Yè
mèkredi 5 out la, Sekretè Deta a te bay lidè afriken yo konsèy pou yo fè pwomosyon
pou bòn gouvènans e eseye desitire nan peyi yo koripsyon ak kriminalite ki, dapre
li, anpeche kontinan afriken an fè pwogrè ekonomik. Madan Clinton te lanse apèl
sa a nan ouvèti yon fowòm komèsyal ki te rasanble nan kapital Kenya a repezantan
anviwon 40 peyi afriken ki gen kondisyon privilejye pou yo antre sou mache ameriken
an. Pi gwo diplomat Lèzetazini an te di-nap
site : “Si Lafrik vle fè pwogrè ekonomik
tout bon vre, gouvènman peyi ki sou kontinan an dwe rejte koripsyon, aplike yon
sistèm ki respekte eta-de-dwa e fè tout efò posib pou yo pote rezilta pozitif
pou pèp la.” Nan yon mesaj prezidan Barack Obama te anrejistre davans sou kasèt
videyo e ki pase nan fowom nan, li di “tout peyi (afriken) kap travay pou yon
avni ki pote lespwa e chans pwogrè, gen dwa konsidere Lèzétazini kòm zanmi e alye
yo.”
Pami aktivite ki sou pwogram Sekretè Deta a pou Jodi jedi a nan Nayewobi, gen yon rankont avèk prezidan peyi Somali a, Sheikh Sharif Sheikh Ahmed. Madam Clinton anonse li pral abòde dispozisyon kominote entènasyonal la kapab pran pou l apiye efò lidè somalyen an ap fè pou l kore baz gouvènman n nan. Aprè Kenya, virewon afriken sa a gen pou mennen Sekretè Deta a nan Afrik Di Sid, Angola, Repiblik Demokratik Kongo, Nijerya, Liberya avèk Kap Vè. Se vwayaj ki pi long Madam Clinton ap fè aletranje depi li te monte nan pòs chèf diplomasi amerikèn nan.
Jdesmara@VOANEWS.com
