Yon konpayi suiss ki fabrike pwodui famasetik ak lòt medikaman anonse limete opwen yon vaksen kont virus H1N1 an ki bay maladi grip pòsin nan. Laboratwa a di yon sèl dòz vaksen sa a kapab ase pou anpeche moun trape grip la.
Si vaksen sa a ta efikas jan fabrikan an di a, sa ta kapab ede ranfòse
stòk vaksen lemond bezwen pou pwoteje populasyon an kont virus A H1N1 an.
Kòporasyon Novartis fè konnen li te teste vaksen an nan Grande Bretay sou 100 moun ki genyen an 18 e 50 tan. Toujou, dapre Novartis, patisipan ki te pran 2 dòz vaksen li an genyen yon pi bon repons imunitèr kont virus grip pòsin nan, men yon sèl doz ase pou pwoteje yon moun enfekte kont virus la.
Anvan sa syantifik yo te kwè se 2 dòz ki tap
nesesè pou pwoteje moun kont virus A H1N1 a; ---yon sitiasyon ki ta pral redui sou valè
moun atravè lemond yo ta ka vaksinen akòz fèb kantite vaksen ki disponib
kounye la a.
Yon lòt kote, responsab Lasante yo nan Lachin bay akò yo pou yon konpayi nasyonal chinwa pwodwi an mas yon vaksen pou konbat virus H1N1 an. Kontrèman ak lot vaksen yo, vaksen sa a pap mande pou yon moun pran plizyè doz pou l bay bon rezilta.
Konpayi bio-teknoloji Sinovac di Vaksen kont H1N1 li mete opwen an mande yon sèl doz sèlman pou l efikas. Sa demanti previzyon ki te fèt anvan e ki te fè konnen yon moun tap bezwen 2 doz vaksen kont maladi grip pòsin nan pou l gen proteksyon ki nesesè a.
Wang Nan se supèvizè
jeneral adjwen konpayi Sinovac, li deklare konpayi an te komanse fè rechech sou
vaksen sa a nan komansman mwa jen an.
Sinovac ka pwodwi 30 milyon doz vaksen pa ane.
NB: Pou nouvèl sou peyi Dayiti, nou priye ou klike sou ralonj ki agoch paj wèb la
