Ann Almay, Chanselye Angela Merkel ap Chache Fòme yon Nouvo Gouvènman Kowalisyon
Otè Lyonel Desmarattes
| Washington, DC
An Almay, aprè viktwa pati
chanselye Angela Merkel la (Pati Demokrat-Kretyen an) ranpòte nan
lejislitiv dimanch pase a, chèf gouvènman alman an ap fè plan pou l fòme yon nouvo gouvènman
kowalisyon avèk Pati Liberal demokrat la (FDP) ki plis an favè sektè komès ak endistri a.
Lidè FDP a, Guido Westerwelle, bay presizyon sou rezon ki fè
pati l la vle jwe yon wòl ki pi aktif e pi reyèl nan gouvènman an.
“Sa nou vle kounyela a, se pou n gen menm pwa nan gouvènman an ak Pati Demokrat
Kretyen an. Paske nou vle gen asirans gouvènman an aplike yon sistèm task ki
jis, pou pèp la genyen yon pi bon chans pou l jwenn edikasyon e ke otorite yo
respekte dwa sitwayen yo ankò.
Imedyatman aprè
viktwa pati Madam Merkel la nan eleksyon dimanch la, li te pale pou l montre li
byen konprann li fèt pou l rete nan sant politik la si l vle konsève popilarite
l. Chanselye Merkel di : “Plan mwen se pou m travay kòm chanselye tout sitwayen
alman, yon bagay ki nesesè nan yon epòk kote peyi a ap travèse yon gwo kriz
ekonomik".
”Nan eleksyon lejislativ dimanch pase a, majorite elektè
alman yo te vote pou yo wete sou pouvwa a Pati Sosyo-Demokrat la, ki te dirije
peyi a an kowalisyon ak pati madam Merkel la, Pati Demokrat-Kretyen-an, pandan
4 tran ki pase yo.
Jdesmara@voanewscom
Koute tout nouvèl lajounen an
Pwogram mitan jounen an
Nouvèl entènasyonal, rejyonal, ak nouvèl Ayiti, ak repòtaj