Isit Washington, prezidan Barack Obama pral rankontre
avèk prensipal konseye politik e militè l yo nan kad yon nouvo seri kontak sou
estrateji Lèzetazini ap itilize nan Afganistan. Nouvo rankont sa a pral dewoule
jodi mèkredi a ki make 8èm. anivèse debakman twoup entènasyonal Lèzetazini ap
dirije nan Afganistan yo. Yè madi a, lidè ameriken an te pase 90 minit (swa 1
nèdtan edmi) ap fè chita-tande ak lidè Kongrè a nan La Mezon Blanch kote yo te
abòde menm tèm nan -donk, sitiyasyon an nan Afganistan.
Lidè majorite demokrat la nan
Sena a, Harry Reid, ki te nan gwoup melanje demokrat-repibliken ki te fè
deplasman an nan La Mezon Blanch, di laprès apre sa: Manm gwoup la bay
prezidan Obama garanti li pral jwenn apui yo tout.
<<Tout moun –demokrat kou republiken- di
prezidan an: “Kèlkeswa desizyon ou pran, nou pral apiye li.”>>
Toujou aprè rankont la, lidè majorite a
nan Chanm Reprezantan an, depite Kalifòni Nancy Pelosi, di laprès genyen anpil
kesyon ki merite repons anvan pou prezidan an pran yon desizyon sou fason
Lèzetazini pral avanse ak dosye Afganistan.
«Sètènman gen kesyon sekirite a, kesyon bòn gouvènans la, rekonsilyasyon ak rekonstriksyon; paske, tankou kèk moun di sa a, pat te genyen anyen anvan sa nan Afganistan, epi gen fason pou n redirije aksyon diplomatik nou nan rejyon an. »
Bò kote pa l, lidè minorite
repibliken an nan Chanm Wòt la, senatè Mitch McConnell, pale pou l fè konnen
prezidan Obama pa pral jwenn yon apui total otomatikman. Sepandan li ensiste pou l di tout desizyon prezidan an
pral jwenn apui pati repibliken an si, dabò, kòmandan
militè ki sou teren an nan Afganistan apiye desizyon an.
“Mwen panse, a la fen dè fen, prezidan an pral swiv konsèy bon jan jeneral nou yo ki, daprè nou, byen konnen kisa ki nesesè pou estabilize sitiyasyon an nan Afganistan, anpeche Taliban yo retounen epi, natirèlman, anpeche rejyon an tounen yon paradi pou al-Kaida.”
Anvan rankont palmantè yo ak prezidan Obama, pòtpawòl Mezon Blanch la, Robert Gibbs, te fè konnen administrasyon an pa pral baze okenn chanjman estratejik sou konsiderasyon politik.
Jdesmara@voanews.com
