Misye Abdullah te poze plizyè kondisyon nan semèn nan pou evite pakèt "iregilarite" ki te genyen nan eleksyon prezidansyèl 20 out 2009 la. Li te bay prezidan Karzai jiska samdi 31 oktòb la pou l' retire prezidan Komisyon Elektoral afghan an, Azizullah Lodin---yon demann misye Karazai voye jete.
Yon pòtpawòl Komisyon Elektoral afghan an di Lavwad'lamerik li twò ta pou misye Abdullah retire kò li legalman nan kouss la. Dezyèm tou eleksyon prezidansyèl ki fikse pou 7 novanm nan te deside apre yon ankèt Nasyonzini apiye te jwenn te genyen koken pa bann e pa pakèt nan premye tou mwa out la.
L'ONU-AFGHANISTAN:
Otorite afghan yo anonse yo arete omwen 5 moun yo kwè ki mele nan atak mòtèl ki te fèt mèkredi pase kont yon rezidans kote travayè imanitè Nasyonzini te abite nan vil Kaboul, kapital Afghanistan.Chèf sèvis ransèyman afghan an, Amrullah Saleh, anonse arestasyon sa yo
samdi. Atak sa a ke taliban yo te revandike te pran lavi 5 anplwaye
Nasyonzini ak 2 gad-sekirite afghan. 3 asayan te peri tou nan eksplozyon yo
te deklanche a.
Nan Pakistan, otorite yo fè konnen yon bonm sote e touye 7 sòlda pakistanè samdi nan rejyon nòwès peyi a. 11 kretyen-vivan blese tou nan atak la ki dewoule nan rejyon Khyber---prensipal wout pou pote ranfò ak pwovizyon pou fòs entènasyonal kap goumen nan Afghanistan yo.
Vyolans sa a rive
yon jou apre sekretè Deta Lèzetazini an, Hillary Clinton, fini yon
vizit kote li te soulve anpil gwokesyon tankou : pouki Pakistan pa arete lidè
Al-Qaida-yo? Chèf diplomasi amerikèn nan te di ”yon moun,nan yon rejyon kèlkonk
nan Pakistan dwe konnen kote yo ye... pouki yo pa arete yo?.
Prezidan Komisyon Sekirite Asanble Nasyonal iranyen an di medya leta a “Komite a
kont plan anrichisman uranyòm aletranje a. Li ajoute “pa genyen garanti Iran pral resevwa, an retou, konbistib nikleyè a jan akò a endike a.
Etazini-Mwayen Noryan:
Anvwaye espesyal Etazini pou rejyon-an, George Mitchell, rankontre
jodi-a ak madam Clinton ki fè chita-koze li menm ak prezidan otorite palestinyen an,
Mahmmoud Abbas, nan vil Abou Dhabi, kapital Emira Arab Uni. Sekretè Deta a dwe
rankontre tou nan peyi Israel ak premye minis Benjamin Netanyahu.
Nouvèl ki sòti nan peyi Honduras fè konnen yon akò pou yon gouvènman “pataj-pouvwa” ant prezidan dechouke Manuel Zelaya ak prezidan de fakto, Roberto Micheletti, kapab siyen anvan dat 5 Novanm nan.
Otorite
ondirèy yo di yo genyen konfyans palman peyi a pral apwouveantant pou retabli misye
Zelaya sou pouvwa a, kèk semèn anvan eleksyon prezidansyèl 29 novanm nan. Ni misye Zelaya, ni misye Micheletti pa kandida nan vòt la. Otorite yo pa di nan ki dat palman an a pral vote sou akò a.
Kousiprèm ondiryen an ppral bezwen otorizasyon palman an pou 'l pèmèt ou non misye Zelaya retounen sou pouvwa a kontinye rès 3 mwa li rete sou manda li a.
