Anpil moun toujou reve yon jou yo va rankontre ak kretyen-vivan
yo pral fè vi yo avèk li a.
Eskize’m, mesyedam Lasosyete si’m
anplwaye yon ekspresyon "macho"
ki ta vle fè konprann kòmkwa lè yon
fi antre legliz ak yon gason, se yon kòd li pase nan tèt nèg la,
kòmkidire se yon bèt li pral mennen labatwa. Non, mwen pa panse sa e mwen di’n
li "la pou la".
Antre legliz, pase kòd nan tèt, se 2 fason nan lang
kreyòl ayisyen an nou kapab di 2 kretyen-vivan pral marye “ding, deng, dong”.
Maryaj, se yon inyon ant 2 moun ki damou e ki vle
pase vi yo ansanm, an jeneral ant yon fi ak yon gason. Mo sa a sòti nan vèb franse: marier, se marier.
Kèk jou anvan maryaj yo, 2 fiyanse yo pibliye Ban. Siman
nou abitye tande ekspreson sa a. Sepandan, map di’n kareman se pa ban andedan legliz la pè a pral pibliye, ni vann alakriye piblik.
Piblye ban, se senpleman yon anons ki fèt nan nivo legliz la pou anonse pawasyen ak fidèl yo genyen 2 jèn-jan nan kominote a ki
deside marye nan legliz la e maryaj la ap fèt tèl ou tèl dat. Se tout!
Ki nouvèl sa a, kase moso ban mwen, non, monchè ! Mwen aprann Natacha ak Stanley pral marye.
Yo menm deja pibliye ban !
Pibliye ban vle di: anons lan deja fèt nan nivo
legliz la. “L'Église a publié les bans
(ban sa a ekri au pluriel b.a.n.s) e an jeneral se nan papòt legliz la, nan
pòt d’entrée, yo afiche anons la. "Les
bans de mariage sont affichés à la porte de l'Église".
Anvan, 2 moun marye legliz, devan lasosyete, yo marye sivil (ou pase ak sivil);
sètadi ale devan yon pèsonalite ki reprezante Leta (nan ka sa a officier d’état civil la) pou li marye yo. Se yon akt Ofisyèl !
An jeneral, mesyedam yo bezwen yon “bag maryaj” ki pral senbolize inyon yo a e apre yo va genyen pou ya l’ beni bag la (alliance, an franse) nan maryaj legliz la, si ap gen seremoni legliz paske
se pa tout moun ki al marye legliz. Men, sèten granmoun nan peyi Dayiti rele
maryaj sa a:plasay onèt (concubinage) ou ankò maryaj sivil antere-vèbal, kòmkidire yon vye maryaj, yon maryaj
tèt-chat.
Se yon
maryaj kote yon elman (fi ou gason) kapab peye kòb pou’l marye ak yon lòt ki
rezide legalman nan yon peyi etranje swa
Ozetazini, O Kanada ou an Frans, elatriye. pou’l kapab vwayaje ak rezidans.
Yo ka rele maryaj sa yo tou: maryaj-viza, maryaj-bouss ou maryaj-enterè. Men marye pafwa nan lang kreyòl ayisyen an konn pa
gen okenn rapò ak seremoni maryaj ant 2 moun ki damou, menm
lè li sòti nan vèb marye. Pa ekzanp, amatè jwèt bòlet yo konn marye 2 boul: 200 ak 002; 151 ak 276. Si yo tou 2 sòti lò tiraj lotri a, jwè a double e menm triple lajan li te mize a, e lè konsa yo di li sòti, li genyen nan "maryaj".
Mwen konnen semèn sa a, nan peyi Dayiti, Gen zòt ki pral marye
ak mistè:Èzili, Dambala ou ak Papa Gede (1), konprann yon pral pase yon pakt ak lwa, ak mistè
sa yo pou yo sèvi pou yo lavi diran.
Men si m' rete mwen di n' ponyèt ak zam marye nan lari Pòtoprens… konprann se afwontman, batay kout-pwen ak kout fizi kap tire kote pwobableman san koule e moun pèdi lavi yo.
(1) Ezili, Dambala, Brav Gede, se lwa nan relijyon vodou a.
