Youn nan
premye bagay yo aprann timoun, akote b.a
(ba) , lè yo antre lekòl se koulè. Aprann yo rekonèt e distenge koulè. Yo
aprann yo genyen 7 koulè de baz: wouj, oranj, jòn, vèt, digo, ble ak vyolèt.
Koulè, se enpresyon limyè kite sou zye nou lè li poze sou yon bagay (1).
Lè’m te
timoun (sa fè lontan, pa vre Marie-Luce), mwen te renmen gade lakansyèl
nan yon syèl gris, chaje nuaj lè lapli pare. E lè m' lonje dwèt ̀jouda’m sou li
(ou dwèt bouwo mwen: konprann "index" mwen) granmoun yo di: non, pa lonje dwèt sou lakansyèl, la
koupe dwèt ou.
Enben lakansyèl sa a genyen 7 koulè, e yo tout se rezilta reyon solèy la sou nwaj yo ki chaje dlo lapli. Kididonk, Lakansyèl pa yon bèl bèt ki nan syèl ki, chak fwa lapli pral tonbe, al bwè dlo nan lanmè, jan chante Les Fantaisistes De Carrefour la di l'la. Sa se lejann, se pwezi !
Koulè tou genyen pou wè ak “pigmantasyon po yon moun”. Li ka nwa, blan, jòn, wouj, klè, griffon, marabou, po chokola, elatriye. E suivan gou ou, ou ka renmen yon moun ki genyen nenpòt nan koulè sa yo. Genyen menm yon pwovèb franse ki di “des goûts et des couleurs, on ne discute point, on ne discute pas”.
Se sa k' fè, lè yon moun deside lap bay chevè l' koulè Kakajako, pa kritike’l. Bay cheve l' koulè, vle di tenn tèt li ak yon pwodui chimik yo rele tenti (teinture).
Nan peyi
Dayiti, mwen pa konn' poukisa, yo te bay tout kazèn, tout edifis defen lame a
yon koulè ayisyen rele “koulè
kazèn”--yon vye koulè jòn rabi, pachiman. E koulè sa a te konn sèvi jouman nan
bouch timoun:gadè lè ou ak dan kazèn ou an, sa’k fè ou pa al bwose dan ou !
Depi ou tande sa, ou mèt konnen moun nan se yon moun ki genyen dan jòn, se yon
moun dan li pa blan, jan yo ta sipoze ye a. Men atansyon, dantis yo di genyen
moun natirèlman ki genyen dan jòn e sa
pa gen anyen pou wè ak Ijyèn dentè ("dentaire") moun nan.
Gen de fwa
tou yo joure moun “dan kaki”, ki se yon lòt fòm jouman pou fè konprann dan
moun nan koulè yon pantalon ak yon chemiz “kaki”.
Men si dan ka chanje koulè gras ak pwodui chimik, gen kretyen-vivan ki maton nan chanje koulè... san pwodui chimik (mwen pap pale de Michael Jackson). Nan ka sa a, nou pap pale chanje pigmantasyon ak koulè po yo. Men pito de chanje opinyon ak pozisyon yo.
Pyram, nan pyès teyàt Pèlen-Tèt la,
rele yo aganman (bèt ki rele caméléon an) e ki genyen kapasite pran koulè
anviwonnman kote li ye a.
E lè yo bare ou, lè yo dekouvri yon moun konsa, yo kapab fè l' wè 7 koulè
lakansyèl, paske ou se yon moun ou pa ka konte sou li paske li renmen chanje
kazak. Nan peyi
Dayiti, pa ekzanp, zòt bay moun koulè yo vle. Gen menm yon dikton ki di “penso ou
nan men ou ba’m koulè ou vle".
Sepandan, bay koulè, nan domèn kizin nan vle di yon lòt bagay:Jeannine, bay vyann koulè, paske
mesye a pa renmen vyann li blanch. Nan ka sa a, metrès kay la mande
kizinyèz la, kuit vyann nan byen, kite l' pran koulè (en français "la faire
rôtir") paske mari l' pa renmen vyann ki parèt tankou yon vyann ki pa kuit.
(1) wouj, vèt, ble, se 3 veritab koulè de baz yo. Pou plis presizyon, konsilte istorik koulè yo sou sit sa a: http://www.premieres-couleurs.com/historique.html
http://cooperativecouleurs.wordpress.com/2009/02/22/la-couleur-objet-culturel/
Jbjacque@voanews.com
