Konfederasyon Amerik-di-Nò, Amerik Santral ak Karayib Foutbòl la (CONCACAF)  soutni kandidati Etazini pou l òganize Mondyal 2018 la oubyen 2022 a.  Meksik te retire kandidati l la  depi Septanm, sa ki fè ke Etazini rete sèl reprezantan Amerik la nan kous pou òganize youn nan mondyal sa yo.
 
Prezidan  CONCACAF la,  Jack Warner,  fè konnen "  òganizasyon lap dirije a  pral pote yon supò total  bay Etazini", ki te òganize Mondyal 1994 la. Jack Warner   se youn nan 24 manm Komite egzekitif  FIFA a  ki pral deside an desanm 2010 ki peyi ki pral jwenn otorizasyon òganize Mondyal 2018 oswa 2022 a.

Apre Etazini, lòt peyi ki kandida yo se Ostrali, Angletè,  Endonezi, Japon, tandèm Oland-Bèljik la, Larisi, tandèm Espay-Pòtigal.  Katar ak Kore-di-Sid  poze kandidati yo  sèlman pou mondyal  2022 a.

jbeliz@voanews.com